Arsenal repran tèt klasman Premier League la 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
arsenal repran tèt klasman premier league la 

Aprè yon match tèt chanje fas ekip Aston Villa jodi samedi a, nan kad 24nyèm journée Premier League la, Asenal genyen Lions yo 2-4 nan estad Villa Park epi pran tèt klasman devan Machester City kase dan l fas ekip Nottm Forest (1-1), rezilta sa bay Gunners premye plas chanpyona ak 52 pwen. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mancheter pa rive genyen ekip Nottm Forest la (1-1), yon rezilta ki aranje zafè Arsenal ki pran tèt klasman aprè l te fin bimen ekip Aston Villa (2-4) nan estad Villa Park. Yon rankont ki montre a klè Gunners yo motive pou tit la paske Aston Villa tap mennen sou yo nan premye mitan.

 

Ekip Mikel Arteta te mal kòmanse match la, byen bonè yo ta pral pran yon gòl nan 5kyèm minit, Ollie Watkins ki ta pral make. Youn nan bon eleman Gunners yo, Bukayo Saka (16zyém minit) te egalize, epi Brezilyen an Philippe Coutinho (31nyèm) ta pral mete ekip Aston Villa devan, mitan match lan te fini nan avantaj Lions yo.

 

Aprè poz la ekip Arsenal la te tounen an granmoun, li te egalize epi korije ekip Aston Villa. Oleksandr Zinchenko ta pral egalize pou Gunners yo (60tyèm), 3zyèm gòl la ta pral rive, aprè Emiliano Martinez ta pral voye vant li, kote l te bay tèt li gòl nan fen match la epi Gabriel Martininelli tap pral fè rès  travay la. Yon gwo viktwa pou Gunners yo kap chache tit la sezon sa.

 

Yon viktwa enpòtan, ki remonte moral Gunners yo, ki te pran yon rakle nan men Mancheter City, mèkredi pase. Viktwa sa mete yo nan tèt klasman Premier League lan  ak 52 pwen, pwochen match yo ap fas ekip Leicester City. Asernal kontinye ap swiv rèv li pou sezon sa.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article