Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Plis pase 69 moun pèdi lavi yo anba bal bandi nan Latibonit daprè Nasyonzini

Share

Nan yon kominike pou laprès ki pibliye ayè vandredi 24 fevriye 2023 a, Nasyonzini fè konnen genyen pou pi piti 69 moun ki pèdi lavi yo ak 83 lòt ki blese nan Latibonit akoz vyolans gwoup ame k ap opere nan rejyon sa.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Aprè rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan ki prèske totalman sou kontwòl gang, depatman Latibonit lan dènye tan sa yo se prensipal teyat afwontman gwoup ame yo k ap enpoze lwa yo sou popilasyon sivil lan, prensipalman « Baz Gran Grif » nan Savyen.

Depi oktòb 2022, popilasyon vale Latibonit lan pa sispann fè fas ak monte vyolans gwoup ame yo nan rejyon an, prensipalman nan Ba Latibonit lan, avèk gang Savyen an k ap enpoze lwa yo kote pandan entèval sa plis pase 69 moun pèdi lavi yo ak 83 lòt ki blese daprè Nasyonzini.

Gwoup gang sa k ap teworize popilasyon vale Latibonit lan depi plizyè ane deja, pa sispann kase kay, touye moun, fè kidnapin, detounen kamyon machandiz, san bliye zak vyòl sou fanm ak tifi nan komin Lyankou, Vèrèt, Lestè ak Tirivyè Latibonit, daprè kominike an.

Vyolans gwoup ame Savyen an ap enpoze nan Ba Latibonit lan lakoz plizyè milye moun oblije kite lakay yo pou al enstale yo nan lòt komin nan depatman an. Daprè Nasyonzini, sitiyasyon gang yo enpoze nan depatman an genyen gwo konsekans sou popilasyon Latibonit lan.

Nasyonzini ki pwofite de kominike sa pou kondane zak vyolans k ap fèt nan Latibonit yo souliye atak « Baz Gran Grif » te fè nan lannwit 8 fevriye an ki sot pase an ki te lakoz lanmò pou pi piti 8 polisye nan komin Vèrèt. Nan menm atak sa, gwoup ame sa ta pral kidnape pou pi piti 18 moun epi piye yon senkantèn kay.

Gwoup gang yo ki reyisi etabli baz yo nan divès lòt zòn nan peyi an byen rapid bay Nasyonzini anpil pwoblèm ki tou mande ak otorite yo an Ayiti pou frennen vyolans sa k ap taye banda nan divès kwen nan peyi an epi pwoteje popilasyon an k ap kite kay yo prèske chak jou akoz zak gwoup ame yo ki pa sispann teworize yo.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Bandi Latibonit Lyankou Òganizasyon Nasyonzini