Categories: AN KREYÒL IMMIGRATION

Pwogram Imanitè: pandan gen moun ki gen 2 3 esponsò, gen lòt ki paka jwenn youn

Share

Aprè Prezidan ameriken an te fin anonse pwogram Imanitè pwovizwa ki ap pèmèt 30 mil migran ki soti Ayiti, Kiba, Nikaragwa ak Venezyela antre nan peyi Tonton Sam nan, anpil Ayisyen ki ap viv an Ayiti ap fè fas ak gwo estrès akoz yo paka jwenn moun pou aplike pou yo, padan gen lòt ki gen 2 3 esponsò.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Vrèman vre, migran Ayisyen ki anvizaje antre nan pwogram Imanitè pwovizwa sa, ap bezwen gen yon patwone oswa yon moun kap ba yo esponsò ( Paran, yon gwoup san bi likratif, Legliz) nan peyi Lèzetazini ki dakò pou ba yo sipò finansye pandan dezan y ap rete yo.

Sepandan, anpil Ayisyen ki gen paspò ap fè fas ak gwo estrès paske yo paka jwenn moun ki ap viv nan peyi Etazini pou aplike pou yo oswa esponsorize yo. Se ka Pedro Legagneur, yon mesye ki abite nan zòn Morne Lazarre, ki gen paspò men ki paka jwenn moun aplike pou li.

“Mwen gen paspò m depi avan pwogram Biden nan, lè mwen vin tande sa, mwen gentan santi mwen soulaje mwen gentan panse mwen tou bon”, te fè konnen Mesye Legagneur nan mikwo NetAlKole Média, tout pandan li te kontinye pou li te fè konnen ” depi lè anons sa nan mwa janvye ki sot pase a, jis kounya mwen poko ka jwenn yon grenn moun aplike pou mwen, tout moun mwen mande yo refize m, bagay sa fè m ap viv ak estrès menm domi mwen paka domi”.

Yon lòt bò, pandan gen moun ki ap plenyen paske yo paka jwenn esponsò, gen plizyè lòt ki ap vante tèt yo paske yo gen plizyè moun ki pou aplike pou yo oswa pou esponsorize yo, men yo paka jwenn paspò yo.

“Mwen poko gen paspò m, yo banm randevou sou randevou men mwen poko janm ka jwenn li”, te fè konnen Shaïna nan mikwo NetAlKole Média, avan li te di ” mwen gen plizyè moun ki ap tann mwen pou yo aplike pou mwen, se paspò m ki rete m”.

N ap raple, yon patwone oswa yon esponsò ka sipòte plis pase yon (1) benefisyè, sa ki vle di si li vle li ka pran plizyè imigran nan yon sè l fanmi oswa nan yon sè l kay, men patwone sa a, oswa esponsò sa a dwe soumèt yon aplikasyon separe pou chak benefisyè, menm si se timoun oswa yon minè benefisyè a ye. Plizyè sipòtè ka patisipe nan sipòte yon aplikan, men yo pral bezwen eksplike gouvènman an poukisa yo vle pataje responsablite a.

 

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by
Tags: Haiti immigration pwogram Imanitè USA