Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Finalman zòn Fermathe totalman tonbe anba men gang

Share

Depi kòmansman ane a, ensekirite a kenbe pèp ayisyen an anba gagann sou pi fò teritwa, anwo kou anba pa epanye. Plizyè zòn ki te gen bon repitasyon lontan, kote moun te ka viv kè pòpòz, pou kounya se la bandi ap chache tabli baz yo, pami yo zòn Fermathe ak Kenskoff.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Depi plizyè jou kout zam ap chante anlè Kenscoff sou  komin Petyonvil  , epi simaye latwoublay pa bò kote popilasyon an. Ak gwo zam fann fwa nan men yo, òlalwa ki vle dirije zòn sila yo pa pè pèpap, y ap sikile nan tout lokalite yo pou fè presyon sou moun.

Kriminèl yo ki fè pati gang Vitelhomme Innocent an, daprè sa nou aprann pa bò kote plizyè rezidan, pran libète pou ekzèse fòs yo jan yo vle sou sila ki pi fèb yo, e menm antre lakay yo pou fè yo abi.

« Yo rantre lakay mwen plizyè fwa deja, yo fè presyon sou fanmi m, e menm pwente zam sou mwen jis paske m t ap eseye antre nan konsyans youn. »

« Monchè m pa janm sòti al travay. M pral sou yon semèn anndan la. Tout la sent jounen katouch ap chante. »

« Depi lè nèg [bandi] yo vin anlè a, gen yon mache prese Fermathe. Moun pa ret kanpe pale pou w pa viktim. »

Sa yo se temwayaj kèk rezidan ki sou kouvèti anonima. Tout esplike kòman nouvo okipan yo ap opere nan zòn nan san difikilte. Yo menm antre nan lakou moun epi tire.

*Kidnapin yon koup nan Fermathe*

Sòti samdi swa pou al bout dimanch 5 mas la nan maten, menm gwoup kriminèl yo kidnape 2 moun nan zòn Fermathe epi ale avèk yo. Yo idantifye mesye a kòm Eddy Joseph, yon ansyen anplwaye Ministè Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC).

Nèg ak zam antre lakay yo nan aswè, fè gwo presyon sou yo epi kidnape yo, daprè yon moun nan zòn kote zak la pase a. Li menm tou li oblije sove kite zòn nan epi ale andeyò, an rezon menas ki pandye sou tèt li.

N ap raple, depi nan kòmansman ane a, popilasyon an nan zòn Fermathe, Kenskoff ak Fò Jacques pat sispann voye gwo alèt bay otorite konsène yo fas ak sitiyasyon an, patikilyèman lapolis, men anyen yo pa fè jiskaprezan.

Plizyè ka fiziyad nèg sou moto fè te kòmanse simaye enkyetid kay popilasyon an. Tout sa yo se te yon avètisman sa t ap pral pi grav pi douvan.

Pou kounya sitiyasyon an tèlman dejenere, kriminèl yo menm rive defye lapolis aprè yo te fin mete dife nan sou komisarya Fò Jacques la, nan lannwit 1ye mas pase a. Espas sila te abandone depi kèk tan akòz polisye ki te sou pòs la yo pat gen ase fòs ak ranfò pou te reponn ak yon atak bandi te mennen kont yo la ane pase. Depi lè sa yo fè chay yo epi ale.

 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: fermathe Insecurite Kenscoff Petion Ville