Categories: AN KREYÒL IMMIGRATION

Èske Ayisyen pral ka vwayaje nan pwogram Biden lan ak yon paspò ekspire ?

Share

IFSI, yon òganizasyon nan vil Boston, lanse yon petisyon pou ayisyen jwenn aksè pou vwayaje sou pwogram Pawòl Biden lan menmsi paspò l ta ekspire, nouvo inisyativ sa pran nan lide pou anpeche konpatriyòt yo pa rate opòtinite a si yo ta apwouve pou yo. Petisyon sa a deja okipe plis pase 3 mil moun ki siyen l nan moman atik sa t ap ekri a 11è 59 PM. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nouvèl la mete yon kè kontan sou entènèt la, alòske anyen poko deside bò kote gwo chabrak yo k ap mete so APWOUVE a sou dosye yo, se yon òganizasyon k ap defann dwa migran yo nan vil Boston, peyi Etazini, ki lanse yon petisyon pou egzije leta ameriken ak leta ayisyen adopte yon mezi pou pèmèt konpatriyòt ayisyen yo kapab vwayaje sou pwogram imanitè Biden lan menmsi paspò yo ta perime […] Lè yo konsidere mizè ak difikilte ayisyen yo ap viv anvan yo resi jwenn aksè ak liv paspò a, mete sou mache nwa a ki pa leve yon plim sou do mouche leta sou zafè paspò a, ògàn nan ki se Immigrant Family Services Institute (IFSI USA) lanse petisyon sa a pou soulaje penn ayisyen yo. 

Depi mwa janvye a, devan biwo imigrasyon yo an Ayiti pa gen kote pou pike zepeng, ayisyen ki soti nan divès rakwen, se anba bourara ak gwo chaplèt marasa pou yo jwenn chans kanpe nan liy pou antre nan biwo yo, anplis, sitwayen sa yo oblije kite penitans yo pou vin pase nwit blanch devan biwo imigrasyon yo, paske zafè paspò a vann tankou pate cho nan peyi a depi dènye deklarasyon prezidan ameriken an Joe Biden sou evantyèl pwogram sila a. 

IFSI nan nòt yo pibliye a, montre nesesite ki genyen pou ameriken yo konsidere petisyon an, yo note kòm agiman dekrè 21 me 2019 Asanble Nasyonal Venezyela a ki te pèmèt sitwayen Venezyelyen yo vwayaje legalman pandan anviwon 5 lane nan peyi Etazini, Kanada, Frans ak anpil lòt peyi, menmsi paspò yo ekspire, ak yon sèl kondisyon, depi yo gen viza.  

Yo pèsiste pou ayisyen yo ta va jwenn menm privilèj sa a menmsi yo ta enpoze ayisyen yo pou renouvle paspò yo nan yon konsila ayisyen nan peyi Tonton Sam, lè yo rive sou tèritwa a. 

Lyen petisyon an si w ta vle ransenye plis  :  https://actionnetwork.org/petitions/haitian-expired-passport-petition?source=direct_link&referrer=group-ifsi 

 

 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Humanitarian Parole immigration Joe Biden