Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Medsen San Fwontyè fèmen lopital li genyen nan Site Solèy la akoz ensekirite

Share

Akoz deteryorasyon klima sekirite an nan peyi an, prensipalman nan rejyon metwopolitèn lan, Medsen San Fwontyè (MSF) anonse sant li genyen nan komin Site Solèy la fèmen pou yon moman nan yon kominike ki pote dat 7 mas 2023. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Medsen San Fwontyè k ap bay sèvis laswenyay nan peyi an depi plis pase 30 lane, anonse desizyon sa yo oblije pran pou fèmen pandan yon bout tan lopital yo genyen nan Site Solèy la akoz batay gwoup ame yo ki reprann depi fen mwa fevriye an nan plizyè katye anndan site an. 

Daprè kominike an, fas ak konba vyolan ant gwoup ame yo ki pa sispann nan komin lan, responsab MSF yo fè konnen yo oblije fèmen lopital yo an nan site an akoz yo pa anmezi pou garanti sekirite pèsonèl yo an epi pasyan yo ki viktim nan zòn afwontman yo. 

Akoz konfli gwoup ame yo ki deklannche nan komin lan, prensipalman nan anviwon lopital la, plizyè bal mawon ta tonbe nan espas sant lan daprè Medsen San Fwontyè ki fè konnen nan kominike sa prèske tout aksè ki bay ak lopital la sanse koupe. 

Medsen San Fwontyè ki pa sispann rele anmwey depi kèk tan sou deteryorasyon klima sekirite an nan peyi an, lanse yon lòt apèl ak konsène yo pou mande yo kanpe goumen sa epi respekte lopital yo ak tout pèsonèl sante yo. 

Pandan ane 2022 an, MSF raple li mennen plis pase 4,600 entèvansyon chirijikal avèk MSPP epi reyalize 34,200 konsiltasyon ijans, san konte swen yo bay plis pase 19,000 moun ki te gen sentom kolera depi reparèt maladi sa. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Cité-Soleil Insecurite MSF Santé