Categories: AN KREYÒL SOCIÉTÉ

Lè gang yo ap goumen se popilasyon an ki sibi

Share

Médecins Sans Frontières (MSF), nan yon kominike denonse ensekirite a k ap pran plis teren patikilyèman nan kapital la Pòtoprens, kote gang ak zam yo ap goumen pou mete plis teritwa anba kontwòl yo.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

MSF fè konnen batay gwoup ak zam yo ki entansifye epi ki pran plis teren nan divès katye Pòtoprens yo, lakòz se tout popilasyon an ki ap fè fas ak sitiyasyon difisil ekstrèm yo.

Plizyè manm estaf òganizasyon an temwaye jan ensekirite a afekte bò lakay yo, nan plizyè zòn kote bandi ak zam ap batay nan kapital la. Pi fò nan yo fè konnen chak jou ki pase yo santi ensekirite a ap vin pi pre yo, sa lakòz kèk nan yo pati kite lakay yo ak tout fanmi yo. Anplis de sa, se tout tan y ap jwenn bal mawon lakay yo.

N ap raple, akòz gang yo k ap feraye sou teritwa ayisyen an, pi patikilyèman nan komin Site Solèy, Médecins Sans Frontières (MSF) te anonse li sispann sèvis li yo nan zòn sila epi fèmen lopital li.

MSF fè konnen y ap sibi efè gè ki genyen nan bidonvil sila, li menm ki pa lwen chan batay gang yo. Li presize li pa sible dirèktemen, men li se yon viktim kolateral batay yo, paske lopital li a nan premye liy, lè bandi yo ap tire katouch nan lide pou pran plis teritwa.

Nan menm kominike a, òganizasyon an tabli bilan l sou teritwa depi 30 lane l ap bay sèvis, epi mande pou bandi yo sispann fè move zak nan espas ki abrite lopital li nan komin Site Solèy, sinon l ap ret fèm sou desizyon l.

Malgre lopital la fèmen tanporèman ak sekirite a ki pa sispann deteryorasyon, ekip Médecins Sans Frontières (MSF) yo kontinye pran angajman yo pou sèvi popilasyon ayisyèn nan.

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: gangs Haiti Hopital Insecutite Medecins sans frontieres Site Solèy