Kisa ki lakoz gen mwens fanm nan pòs desizyon yo an Ayiti ?

Ravensley Boisrond
Par Ravensley Boisrond
kisa ki lakoz gen mwens fanm nan pòs desizyon yo an ayiti

Egalite dwa fanm ak gason nan peyi d Ayiti se tankou yon match foutbòl kote fanm yo toujou soti pèdan, si n ap konsidere divès rapò ki pibliye sou vyolans ki fèt sou fanm yo. Akoz n ap viv nan yon sosyete patriakal, respè pou dwa fanm yo toujou bafwe nan kèlkilanswa sikonstans lan, keseswa yo viktim vyòl ak tizonnay nan travay yo, vyolans konjigal nan fwaye yo, e anpil fwa sosyete a souvan fè yo santi se yo menm fanm yo ki lakoz. Menm nan pòs desizyon yo an Ayiti, pa gen anpil fanm si nou konsidere dènye fwa kota 30 %  fanm lan te nan diskisyon yo nan lane 2012.

Atravè mond lan, anpil fanm patisipe nan lavi politik peyi yo pandan plizyè ane, men obstak yo rankontre nan wout yo kontinye anpeche yo gen ase reprezantasyon nan pozisyon piblik yo. Nan lane 2012, gouvènman PHTK vèsyon 1 an te eseye metòd ki gen ladan prensip kota a epi eksperimante ak reyalize balans sèks nan enstitisyon yo pandan yon bout tan, men faktè ak pwoblèm ki eksplike poukisa fanm yo okipe mwens pozisyon pou pran desizyon nan peyi a toujou la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou Danielle Magloire ki se manm estrikti Kay Fanm

Estereyotip sèks yo toujou trè prezan an Ayiti, se sa ki fè yo wè fanm yo mwen konpetan oswa pa kapab dirije pase gason

Feminis la te kontinye pou li di

kilti ayisyèn lan se yon kilti patriyakal, sa vle di, gason yo konsidere kòm moun ki siperyè ak fanm yo, sa ki lakoz fanm yo souvan gen mwens opòtinite pou monte nan pozisyon lidèchip.

Pou divès òganizasyon fanm redaksyon an te kesyone sou sitiyasyon sila Tankou Sofa, Fanm Yo La, Fanm yo fè fas ak diskriminasyon nan entèvyou pou travay, pwomosyon oswa salè, sa ki limite aksè yo nan pòs direksyon, yo souvan atribye fanm yo ak wòl tradisyonèl yo tankou pran swen timoun ak swen kay la, sa ki ka limite kapasite yo pou yo travay a tan plen epi avanse nan karyè yo, mank opòtinite pou fanm yo fòme, devlope ak avanse nan karyè yo limite aksè yo tou nan pozisyon lidèchip.

Patisipasyon Fanm yo nan lit kont Diktati Divalye yo, yon viktwa pou mouvman feminis la an Ayiti

Apre sezon otòn Divalye yo nan lane 1986, mouvman feminis yo an Ayiti te vin ranfòse e li te vin gen vizibilite. Fanm ayisyèn yo te jwe yon wòl enpòtan nan batay kont diktati a e eksperyans sa a te yon katalizè pou òganize ak mobilize fanm yo pou ankouraje egalite sèks yo epi defann dwa yo.

Men mouvman feminis ayisyen an ta pral pran yon lòt ekstansyon nan lane 1990 yo ak kreyasyon òganizasyon fanm tankou : Fanm Yo La ak SOFA. Òganizasyon sa yo te travay pou sansibilize sou pwoblèm diskriminasyon ak vyolans sou fanm e pou ankouraje otonomi fanm yo nan tout aspè nan lavi sosyal, ekonomik ak politik peyi a.

Mouvman feminis ayisyen an te jwe yon wòl enpòtan tou nan redaksyon Konstitisyon 1987 la, ki rekonèt egalite ant sèks e ki entèdi diskriminasyon ki baze sou sèks.

Feminis yo te reyisi tou nan pase lwa kont vyolans domestik ak trafik moun epi amelyore aksè fanm yo nan edikasyon ak swen sante.

Sepandan, malgre pwogrè sa yo, fanm yo an Ayiti kontinye fè fas ak anpil defi, tankou vyolans, diskriminasyon, ak aksè limite a resous ekonomik ak politik.

Men, Feminis ayisyen yo kontinye travay pou ankouraje egalite fanm ak defann dwa fanm yo, nan mete an aplikasyon pwogram sansibilizasyon, fòmasyon ak defans, epi mande otorite yo pran mezi konkrè pou konbat vyolans sou fanm nan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia