Categories: AN KREYÒL IMMIGRATION

OPC doplore tretman inimen yo enflije sou sitwayen k ap chèche jwenn paspò yo

Share

Ofis pou Pwoteksyon Sitwayen yo (OPC), nan yon nòt pou laprès eksprime enkyetid li konsènan tretman inimen, degradan ak dezimanize yo bay sitwayen Ayisyen yo nan demand sèvis yo, an patikilye yon paspò. OPC kondane tretman sa yo epi mande aplikasyon lwa kont ajan administrasyon piblik ak PNH ki koupab de abi, krim, asosyasyon kriminèl. Li pwomèt pou sipòte viktim yo nan pwosedi yo ak rekou kont Ajan ki koupab yo.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Vreman vre, Biwo Pwoteksyon Sitwayen an (OPC) nan nòt sila, fè remake depi anons nouvo mezi migratwa Administrasyon Ameriken an ki pèmèt sitwayen ayisyen vwayaje Ozetazini legalman, epi benefisye de yon estati tanporè nan kad Pwogram “Humanitarian Parole” la, plizyè milye Ayisyen te rasanble lajounen kou lannwit devan divès biwo Sèvis Imigrasyon ak Emigrasyon pou fè aplikasyon pou yon paspò.

Daprè OPC, malgre etablisman biwo yo nan kèk espas piblik, plizyè santèn kontribyab te lite pou jwenn aksè nan sit yo. Inaksesiblite ak inefikasite sèvis yo louvri wout pou tout fòm eksplwatasyon, ekstòsyon ak chantaj. Sa ki vin fè yo viktim anpil pou sèvis yo gen dwa.

“Zak regretab yo te fèt sitou nan biwo Petyonvil, Taba ak Delma. Kote te gen moun ki te pèdi lavi yo. Plizyè sous denonse move konpòtman ajan Lapolis Nasyonal d Ayiti yo pou enplikasyon yo nan plizyè abi ak derapaj”, te enfòme OPC nan nòt sila, tout pandan li konfime sitiyasyon an pa diferan nan lòt rejyon yo.

Yon lòt bò, Ofis pou Pwoteksyon Sitwayen yo (OPC) di, daprè zak ilegal pri paspò a ka varye ant 50 pou rive 75 mil goud. Yon sitiyasyon kote Ajan imigrasyon yo ta patisipe nan pratik sa yo ki kalifye tankou yon pratik ki pa bon epi ki enjis sitou anvè sitwayen Ayisyen yo.

Se sak fè, devan tris reyalite sa a, an amoni ak misyon li, Ofis Pwoteksyon Sitwayen an mande otorite konsène yo, sitou Chèf Administrasyon Piblik la ak Minis Enteryè ak Otorite Lokal yo (MICT), Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), Direktè Imigrasyon ak Emigrasyon an, pou yo adopte yon dispozisyon byen vit pou pèmèt konpatriyòt yo jwenn aksè nan Sèvis Imigrasyon ak Emigrasyon nan kondisyon ki respekte diyite moun.

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by
Tags: Delma Emigrasyon Haiti Humanitarian Parole Imigrasyon MICT OPC paspò Petyonvil PNH Taba