Categories: INTERVIEW MUSIQUE

Tafa di n tout sa w dwe konnen sou “Lakou” ak pwochen EP l la

Share

Tafa Mi-Soleil se youn nan atis ki pa sispann epate moun chak fwa l jwenn yon okazyon. Pa gen twò lontan, chantez la te pwopoze piblik la « Lakou », yon mizik ak tout videyo ki se yon lòt demonstrasyon de anpil kalite anpil moun kwè atis la genyen. Mizik sila vini nan yon moman anpil moun te swaf yon nouvo kichòy nan men atis la ki te deja fè konnen l ap travay sou yon nouvou EP.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

 Nan yon ti pale ak ekip redaksyon Netalkole Media, Tafa bay tout detay de « Lakou » epi l te pwofite pale de « Phœnix », nouvo EP l la k ta dwe soti nan yon ti tan ki pa twò lwen. N envite w li entèvyou sa kote atis la rezime dènye mizik li a kòm yon kout rèl pou raple nou kisa k defini n kòm ayisyen. 

Netalkole Media : Kisa k te pouse w fè mizik « Lakou » a ?

Tafa Mi-Soleil : Lakou a se yon mizik ki vini poukont li lè mwen pat atann mwen. Se yon kado lanati  pou lakilti. Enspirasyon lakou soti  nan tout sa ki fè nou yon pèp, tout sa ki mete ansanm pou akouche idantite kilti nou. Lakou soti nan tout ti abitid ayisyen nan lavi yo chak jou ; lakou se pwodui yon pwezi pou Ayiti.

NAK : Se premye mizik vodou Tafa pwopoze piblik la, ki atant ou te genyen lè w ta pral soti l ?

Tafa : Atant mwen te ale jwenn piblik lan dirèkteman paske mwen pat  konnen kijan yo t ap resevwa li. Mwen te sèlman sèten sou kalite zèv mwen pwodui a. E se sa a ki mennen nou nan rezilta sa a jodia  . Kidonk mwen genyen lakontantman, fyète epi santiman reprezantasyon kiltirèl sa a pa dwe bout.

NAK : Malgre anpil moun pa t atann ak sa, videyo a rive ranmase plis pase yon milyon vyou sou YouTube nan yon ti tan. Sa di w kisa ?

Tafa : Mwen vle di yon gwo mèsi paske sa fè m plezi e sa montre m nan ki pwen fanatik mwen yo – moun k ap swiv mwen yo – fidèl ak mwen. Mwen kontan paske m santi gen yon travay reprezantasyon k fèt. M kontan gen de moun ki santi y alèz pou yo viv kilti yo atravè mizik mwen, sa yo ye, ki defini yo kòm pèp e defini yo kòm ayisyen.

NAK : Kiyès ki patisipe nan reyalizasyon videyo a ?

Tafa : Se Abdias Laguerre ki reyalize video sila a ansanm ak ekip li LUX MEDIA STUDIO .

NAK : Nan videyo a, nou remake w pa mete abiman tradisyonèl. Gen moun ki poze kesyon sou sa. Se yon chwa delibere ?

Tafa : Se te yon chwa delibere ki  ale dwat nan sans travay dizaynè mwen . Paske pou mwen , koze “ fashion”   ba w tout libète pou eksprime w . Se  kreyasyon pa m , e m kontan pataje kreyasyon m ak piblik  mwen .

NAK : Ki touch Manno Beats genyen sou « Lakou » a ?

Tafa : Manno Beats se prodiktè mizik Lakou . Li pote kreyativite l ak ekspètiz li nan travay mizik sa a.

NAK : Si w ap rezime l, ki prensipal mesaj « Lakou » charye ?

Tafa : Lakou se yon rèl pou nou sonje kote nou soti, pou  nou pa bliye sa ki defini nou. Se yon mesaj rasanbleman epi fyète sou tout sa ki fè lakilti ayisyen.

NAK : Èske aprè siksè sa, n ap kontinye jwenn Tafa nan menm rejis sa ?

Tafa : Apre Lakou, m ap kontinye pwodui. Mwen toujou vle genyen menm libète m pou m vanse ak zèv mwen jan nanm mwen mande kidonk mwen sèten m ap kontinye bay lakilti jarèt e travay jouk mond lan dekouvri richès kiltirèl nou nan travay mwen.

NAK : “Lakou” sou pwochen EP w gen pou w sòti a (Phœnix). Nan ki faz ou ye ak pwojè sa ? Kisa w ka di n de li, pou kounya ?

Tafa : Phoenix nan faz final li. Tout sa nou rete pou fè se bay piblik lan posibilite pou dekouvri li. Phoenix dekri yon etap enpòtan nan lavi m. Phoenix se : KANPE, VANSE, RENESANS, DIFE, VOLE WO, SOLÈY, FÒS, APRANN, PÈSISTANS.

NAK : Ou gen yon mo espesyal ou ta renmen adrese… ?

Tafa : Mwen vle di Mèsi anpil pou lanmou ak sipò. Epi, kontinye swiv mwen ; pwojè a nan wout.

Peterson Dorsainvil

Peterson Dorsainvil est journaliste, écrivain, slameur et amoureux fou des lettres. En quête de moi-même, je fais de ma plume ma boussoule dans ce monde désorienté.

Leave a Comment
Published by
Tags: EP Phœnix Interview NetAlKole phoenix tafa Tafa Mi-soleil