Categories: NETALKOLE

Ratman gaz la gen gwo enpak sou distribisyon kouran nan peyi a

Share

Akoz difikilte pou alimante mache pwodui petwolye yo nan peyi an, nòmalman dènye ane sa yo rann depi kèk tan prèske tout peyi a lage nan yon blakawout tèt chaje, kote ED’H toujou pa ka jwenn solisyon.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Yon gwo pati nan pwodiksyon kouran elektrik anndan peyi an depann esansyèlman de pwodui petwolye yo ki jeneralman sòti nan peyi etranje. Fas ak kriz san fen Ayiti ap konnen dènye ane sa yo, sa rive souvan gen ratman gaz sou mache a.

ED’H ki se prensipal ògàn Leta ki gen monopòl distribisyon kouran nan peyi an, te deja anonse difikilte l ap fè fas dènye tan sa yo pou kapab kontinye bay kouran nòmalman avèk prensipalman gaz ki pa ka rive nan santral elektrik yo.

Akote rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan k ap fè fas ak blakawout sa depi kèk tan, plizyè vil pwovens twouve yo nan menm sitiyasyon an kote gen zòn k ap pase plizyè semèn san jwenn yon ti moso limyè. Se ka dezyèm vil peyi an, Okap.

Lendi 17 avril 2023, komisyon minisipal Okap la te rankontre responsab depatmantal ED’H yo pou diskite sou pwoblèm blakawout sa ki pa san konsekans sou fonkyonnman nòmal vil la.

Aprè rankont sa ki te tou genyen ladan l yon vizit sou tèren, komisyon an ki gen nan tèt li Patrick Almonor rekòmande pou Direksyon jeneral ED’H ak MTPTC voye gaz nan vil Okap san kanpe epi repare motè ki pa p mache depi kèk tan yo.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: 17 avril 2023 ayiti blakawout EDH Gaz kouran elektrik limyè MTPTC Okap Patrick Almonor Pòtoprens pwodui petwolye Ratman gaz santral elektrik