Categories: NETALKOLE

Popilasyon an dwe kontinye ak mouvman “Bwa Kale” a daprè kèk estrikti sosyopolitik

Share

Anpil zòn nan kapital peyi a, Pòtoprens, vin pi vyolan pase jan li te ye avan, men pandan de dènye semèn ki sot pase yo, laperèz popilasyon an kòmanse ap diminye gras ak operasyon oswa mouvman “Bwa Kale” a. Si pou anpil moun mouvman sa pa bon, li dwe kanpe, ebyen pou anpil lòt, li dwe kontinye.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Oganizasyon Politik, Sendikal ak Popilè yo, nan yon nòt pou laprès ki pote dat 7 me 2023, di y ap swiv ak anpil atansyon jistis popilè a ki pote non mouvman “Bwa Kale” k ap deplòtonnen nan kat kwen peyi a.

Daprè estrikti sa yo, mouvman sa a rive nan yon kontèks kote sitiyasyon grangou ak mizè a ap taye banda toupatou nan peyi a. Gang ak sapat ap travay men nan men ak gang ak kravat nan enterè kriminèl Core Group yo ansanm ak rejim ki te kreye yo an kont enterè peyi a epi simen dèy toupatou anba je konplis pouvwa anplas la ak aktè entènasyonal yo. San bliye, konpayi telefòn yo k ap koupe kou popilasyon an ak pri sèvis yo ki kontinye ogmante san gade dèyè, mete sou sa boujwazi a atravè bank yo k ap kidnape dola kliyan yo depoze nan bank yo, elatriye…

Nan lide sa a, Konbit Oganizasyon Politik, Sendikal ak Popilè yo di yo pwofite okazyon sa pou voye yon gwo kout Ayibobo pou popilasyon an ki leve kanpe kont vyolans gang ak sapat yo nan mouvman “Bwa Kale” a.

Nan sans sa, estrikti sa yo mande pou popilasyon an kontinye ak mouvman sa kont tout gwoup gang yo pandan y ap mete plis disiplin ladan l pou inosan pa peye pou koupab. “Bwa kale pou tout mafya ak enstitisyon k ap koupe kou pèp la”, ekri Konbit òganizasyon Politik, Sendikal ak Popilè yo ki mande pou popilasyon an nan kat kwen peyi a ak nan dyaspora a leve kanpe pou pouse do tout mafya lokal ak entènasyonal k ap fè konplo pou kenbe pèp la nan sitiyasyon lanfè yo mete l la.

Li enpòtan pou nou raple, popilasyon an, espesyalman nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan te lanse mouvman “ Bwa kale” a nan lide pou yo kapab konbat bandi ak zam yo nan peyi a ki vle pran plis teritwa toujou. Sepandan, mouvman sila a pa sèlman rete nan kapital peyi a, li rive nan vil pwovens yo tou.

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by
Tags: 7 me 2023 bandi ak zam Bwa Kale Core Group gang Konbit òganizasyon Politik Popilasyon Pòtoprens vyolans gang