Categories: AN KREYÒL METEO

Menas inondasyon sou 8 depatman an Ayiti

Share

Inite Idwometeyolojik peyi Dayiti lanse yon avi pou 8 depatman nan peyi a, ki deja sibi anpil lapli depi kòmansman semèn nan. Pasaj yon zòn bas presyon direksyon Lès peyi Kiba ap lakòz gwo lapli ak loray sou tout rejyon Karayib la.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Depi yè, 1ye me, gwo lapli ap tonbe sou Lwès, Nò, Nòdès, Nòdwès, Nip ak Grandans. Aktivite lapli yo dwe kontinye jiska vandredi 3 me, selon dènye enfòmasyon meteyo a. Inondasyon sanzatann ka rive sou plizyè depatman ki anba lapli yo.

Pou rezon sa a, Inite Idwometeyolojik lanse yon avi pou menas inondasyon ak glisman teren sou depatman sa yo, tankou Grandans, Nip, Sid, Nò, Nòdès, Nòdwès, Lwès ak Sant.

Pou depatman Sid la, risk lanmè kapab ajite, ki ka afekte aktivite kabotaj yo. Operatè bato yo mande pran anpil prekosyon pou asire sekirite moun yo.

Se sak fè, Inite Idwometeyolojik peyi Dayiti ak Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande tout moun k ap viv nan zòn ki abitye gen inondasyon pou yo rete veyatif ak aplike konsiy sekirite yo.

 

Source Photo: SeneNews

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by
Tags: ayiti Idwometeyolojik Inondasyon Lapli