NETALKOLE

Otorite lokal Senmak yo entèdi tout aktivite ki rasanble foul moun

Nan yon kominike ki sòti ayè lendi an, otorite minisipal Senmak yo anonse desizyon ki pran pou kanpe tout aktivite ki kapab rasanble foul, sou tout komin lan, sòti 19 dawout la pou rive lendi 26 dawout.

Desizyon sa pran, kèk jou aprè evazyon sa ki te fèt nan prizon sivil Senmak la kote plis pase yon dizèn prizonye te reyisi chape poul yo. Nan lide pou pèmèt lòd ak trankilite retounen nan vil la, Lameri Senmak entèdi tout gwo rasanbleman pandan tout semèn sa.

Anplis, pandan peryòd sa, otorite minisipal yo entèdi tout sikilasyon machin, moto ak apye nan perimèt prizon an jiskaske desizyon sa chanje. Yon mezi ki vize rann espas anviwon prizon an steril epi rete sou kontwòl otorite lapolis yo.

Machin, gerit bòlèt, tant, ak tout lòt enstalasyon ki bò prizon an, gen obligasyon pou deplase touswit si toutfwa mèt yo pa ta vle Lameri deklare yo epav epi retire yo san posiblite pou reklame, daprè sa ki ekri nan kominike sa.

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.