Plizyè milye abitan nan vil Tirivyè Latibonit te refoule beton an jodi mèkredi 9 novanm 2022 a anba divès revandikasyon, revandikatè yo mande leta ayisyen an pou yo vin kraze prese prese gwoup gang savyen an ak alye l yo, ki pa sispann teyorize pèp la a depi yon bon bout tan.
Depi lendi 7 novanm lan yo te deja pile beton an pou denonse ensekirite a ki pa sispann grandi jipon l nan Tirivyè Latinonit, mete sou presyon estrikti kriminèl Savyen an ki pa lache yo yon souf[….] Depi byen bonè maten 9 novanm lan, plizyè milye rivatibosyen te foule pye yo nan lari a pou manifeste kont ensekirite a k ap taye banda nan komin Tirivyè latibonit lan depi plis pase 5 lane, prèske tout aktivite komès yo ak transpò yo te paralize, enstitisyon prive kou piblik te blije soumèt anba revandikasyon yo.
Daprè enfòmasyon ki konfime bò kote plizyè sous vil sa a, dlo ki Alimante 2 brèch kanal irigasyon nan Baraj kano a fèmen, popilasyon an te menase tou y ap fèmen direksyon Meri Tirivyè latibonit lan.
Pandan mouvman pwotestasyon yo, revandikatè yo te kenbe branch bwa nan men yo, yo t ap flote anlè pou montre nan ki novo yo enpasyan sikile kòmsadwa nan vil yo san sibi menas ak presyon bandi , anpil pawòl piman bouk t ap site, plizyè manm Laprès te prezan pou retransmèt manifestasyon sila a.
Daprè revandikatè yo, toutotan rezon revandikasyon yo pa satisfè yo pa p kanpe, yo anonse valiz yo pa p zipe si fòs sekirite peyi a ak gouvènman an pa degaje yo kou lèt Jan Jak pou tabli sekirite ak lapè nan vil la.
Facebook Comments