Koupdimonn FIFA Kata 2022 a gentan rive nan faz uityèm final. Pou premye fwa nan listwa konpetisyon an, tout kontinan yo reprezante. Ajantin ap jwe match pa l la kont Ostrali, 3 Desanm nan.
Premye tou Mondyal la fini, nou rive nan faz santi di a kounya. N ap pale de faz eliminasyon dirèk la. Gen 16 ekip ki mete van nan vwèl yo e gen 16 lòt k ap kontinye bouske. Ajantin k ap chèche koup sa depi 36 lane pral kraze fè a avèk Ostrali nan uityèm final.
Se nan Ahmad Bin Ali Stadium match sa ap jwe a 2zè nan aprèmidi (nan lè peyi Dayiti). Ajaten yo pral kontre yon ekip Ostrali ki fini dezyèm nan Gwoup D a , dèyè do Lafrans, avèk 6 pwen. Socceroos yo bat Tinizi ak Dànmak pou yo te kalifye.
Tout moun konnen Ajantin pase faz gwoup la anba anpil presyon aprè l te fin pèdi premye match li devan Arabi Sawoudit (1-2). Annapre, li te reveye l pou l bat Meksik (2-0) epi Polòy (2-0) sa ki te tou fè l met men sou premye plas Gwoup C a.
Se abit Polonè a, Szymon Marciniak ki pral dirije match foutbòl sa. L ap gen 2 konpatriyòt li pou asiste l epi se yon gwatemaltèk k ap katriyèm abit. Depi nou rive nan faz sa, pa gen pyès ekip ki gen dwa fè erè.
Facebook Comments