Léon Charles prezante yon lòt fwa nan kabinè enstrikyon sou dosye asasina Jovenel Moïse la 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
léon charles prezante yon lòt fwa nan kabinè enstrikyon sou dosye asasina jovenel moïse la

Ansyen Direktè jeneral Lapolis la, Léon Charles, prezante mèkredi 23 novanm 2022 an devan jij enstriksyon Walther Wesser Voltaire pou reponn kesyon nan kad ankèt sou asasina Prezidan Repiblik la Jovenel Moïse. 

Nan lokal Lekòl majistrati a, ansyen chèf Polis la te prezante avèk avoka li Mèt Bernard Gousse pou reponn kesyon majistra Walther Wesser Voltaire ki gen chaj mennen envestigasyon sou asasina ansyen chèf Leta a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Menm jan ak premye fwa li te parèt nan kabinè enstriksyon an, anviwon 6 mwa aprè asasina a, Léon Charles pa t pwononse l sou sa ki te di nan moman jij Voltaire t ap tande l la. Nan lwa ayisyèn yo, enstriksyon yo toujou sekrè. 

Ansyen Direktè jeneral pou ti bout tan Lapolis la t ap okipe fonksyon sa nan moman Prezidan Repiblik la ta pral mouri lakay li, nan Pèleren 5, nan lannwit 6 pou rantre 7 jiyè 2021. 

Pandan menm jounen 23 novanm lan, majistra Walther Wesser Voltaire tande egalman Joseph Vincent, youn nan prezime asasen ki te nan kòmando sa ki te rantre lakay Prezidan an pou touye l. 

N ap raple, ansyen kòmandan an chèf Lapolis la te deja reponn kesyon nan kabinè enstriksyon 14 desanm 2021 kote majistra Gary Orilien ki t ap mennen dosye a epòk sa te tande l. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.