Akademi Kreyòl Ayisyen anonse rekritman etidyan finisan pou yon diksyonè jiridik 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur

Nan yon avi ki pibliye sou rezo sosyal yo jounen vandredi 22 avril la, Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) anonse li tanmen yon pwosesis pou rekrite etidyan finisan nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE) epi Fakilte Lengwistik Aplike (FLA), nan kad elaborasyon yon diksyonè tèminoloji jiridik. Entèrese yo gen jiska 27 avril pou depoze dosye yo. 

Pou elaborasyon diksyonè tèminoloji jiridik sa, Akademi an lanse avi rekritman pou etidyan finisan nan de fakilte sa yo ki anndan Inivèsite Leta a. Dapre avi a, entèrese an dwe «pote prèv li se etidyan finisan( ki nan dènye ane fòmasyon oswa ki konplete pwogram etid li nan domèn lengwistik/dwa); gen abilite pou travay ak lojisyèl  «Microsoft office» word, excel, Powerpoint. Konpreyansyon nan photoshop osinon nan Corel Draw. Gen konesans nan lòt domèn Syans Imèn», sa nou rive li nan avi sa ki piblik. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nòt la fè konnen tou ak prensipal entèrese yo, yo kapab pase nan lokal Akademi an ki nan 31, Ri Babyòl (lokal Fany Villa, ki se yon biwo pwovizwa). Oubyen itilize mwayen nimerik yo, tankou sit entènèt enstitisyon an, www.akademikreyòl.net, adrès imel akademi an, [email protected], ak plizyè nimewo telefòn ki disponib pou tout etidyan finisan nan domèn dwa ak lengwistik. 

«Yon kourikoulòm vite, yon lèt motivasyon, yon lèt rekòmandasyon ki gen siyati yon otorite akademik, fotokopi dokiman (atestasyon, diplòm, sètifika), ki pwouve pwofil kandida a satisfè egzijans akademi an », ansanm dokiman Akademi Kreyòl Ayisyen an mande ak kandida yo ki entèrese travay nan kad pwojè sa. 

Akademi Kreyòl Ayisyen an se prensipal enstans nan Leta peyi Ayiti ki gen misyon pou reflechi sou lang kreyòl anndan sosyete ayisyèn lan. Konstitisyon 1987 la, nan atik 213 li, bay akademi an karaktè endepandan ak otonòm. 

Elaborasyon diksyonè tèminoloji jiridik sa se yon gwo pa nan kad travay akademi an, ki san dout pral kapab bay chak grenn ayisyen yon pi bon konpreyansyon sou tèm jiridik yo e nan menm moman an kontribiye nan yon pi bon fonksyonman sistèm jidisyè ayisyen. 

REDACTION : Jacky Chéry 

MAK FABRIK : NETALKOLE MEDIA 2022 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.