Ale trankil Rodrigue Milien !

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Chantè, konpozitè ak aktè Rodrigue Milien mouri nan lakou floride jodi Samdi 25 septanm 2021 an nan peyi Blan Meriken.

Nan yon tweet redaktè an chèf jounal ( Le nouvelliste ) la byen bonè maten an, li fè konnen se Jounalis Patrick Eliancy Ki baze nan floride ki anonse nouvèl sila.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou enfòmasyon n ap fè nou konnnen Rodrigue Milien make yon bon pati nan mizik ayisyèn nan avèk plizyè gwo siksè nan lane 70 ak 80 , avèk Konbit Kreyòl, Toto Nesesite , li genyen anviwon 20 albòm nan diskografi li e 3 fim.

 

Yon zetwal file , yon lejann ale, mizik ayisyèn nan pèdi 3 gwo non nan anviwon yon mwa. Soré ansyen chantè tropicana ak Septen, Isnard Douby , ansyen mizisyen ak chantè Frères Dejean, direktè mizikal e fondatè Systèm Band .

 

 

Rodrigue Milien te pran nesans 27 oktòb 1946 nan katedral pòtoprens nan jou paran li t ap marye , pè a te oblije kanpe maryaj la Pou te kouri an ijans ak manman an nan lopital jeneral.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article