Andy Murray bat Thanas Kokkinaki nan 5 manch  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
andy murray bat thanas kokkinaki nan 5 manch  

Nan yon match ki dire 5è 45 minit, ki te opoze Andy Murray ak Thanasi Kokkinaki jodi jedi a, pou Open Australie a, ekosè a bat Ostralyen an nan 5 sets (4-6, 6-7, 7-6, 6-3, 7-5), yon nwit ki te long anpil pou Andy Murray, avan l te jwenn kalifikasyon l pou 3zyèm tou a, kote l pral jwe fas ak Roberto Bautista. 

Andy Murray retounen nan 3yèm tou Open Australie a aprè 6 lane, aprè l fin genyen Thanasi Kokkinaki nan 5 sets (4-6, 6-7, 7-6, 6-3, 7-5). Ekosè a tap pral ranvèse advèsè li a aprè l te fin pèdi 2 premye manch yo pou 2zyèm tou Open Australie a.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Murray ki fè final konpeptisyon sa 5 fwa (2010, 2011, 2013, 2015, 2016), te mize anpil sou eksperyans li pou l genyen rankont sa.  

Se premye fwa Andy Murray kalifye pou 3zyèm tou Open Australie a depi 2017. Nan manch ki te pi enpòtan an Ostralyen an pat rive enkyete Ekosè a ak sèvis li yo. Rankont sa se match ki pi long nan karyè Andy Murray.  

Pou 3zyèm tou a, Murray pral chache yon viktwa fas ak Roberto Bautista. Ansyen nimewo 1 mondyal la kapab ale pi lwen nan konpeptisyon sou sa li montre nan jwèt li. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive