Ansyen senatè Youri Latortue rerire kò l nan biznis li te asosye yo 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
ansyen senatè youri latortue rerire kò l nan biznis li te asosye yo 

Akize kòm youn nan pèsonalite k ap sipòte aktivite kriminèl an Ayiti epi alimante ensekirite nan peyi a, ansyen senatè Youri Latortue rerire kò li nan ansanm antrepriz komèsyal li te asosye yo. 

Nan yon nòt ki piblik, lidè politik Ayiti An Aksyon an anonse desizyon li pran pou retire kò l nan tout aktivite komèsyal ki gen pou wè ak antrepriz li afilye yo tan pou li defann tèt li aprè akizasyon peyi Etazini ak Kanada fè kont li kòmkwa li enplike nan trafik dwòg ak aktivite kriminèl an Ayiti. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Desizyon sa, daprè ansyen senatè a, pran pou pa deranje fonksyonman antrepriz sa yo aprè sanksyon gouvènman ameriken ak kanadyen pran kont li. 

Ansyen senatè Latibonit lan fè konnen li pran angajman pou konbat akizasyon sa yo li di li viktim e kontinye apiye efò pati politik Ayiti An Aksyon nan lide pou defann enterè peyi a. 

Ansyen senatè Youri Latortue anonse li prale jiskobou nan dosye sa pou kapab lave imaj li epi retabli kredibilite ak onè li, ki depi plizyè ane ap viktim difamasyon san prèv. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.