Otorite dominiken yo nan kò espesyalize sekirite fwontyè tèrès yo (CESFRONT) mete lapat jounen madi 8 novanm lan sou 2 fanm ayisyèn nan yon machin ki t ap transpòte 22 160 katouch sòti Repiblik Dominikèn pou rantre Ayiti. Nan machin sa te gen egalman yon ti bebe ki poko gen yon lane.
Militè dominiken nan kò espesyalize Cesfront ki afekte nan baz operasyon fwontalye Coronel Elías Piña yo arete jounen madi a Milien Midrène Manessa ansanm ak Farah Joseph, de ayisyèn ki te nan yon Lexus koulè blan ki t ap transpòte plizyè kès bal ki te sou wout pou rantre Ayiti.
Nan machin sa ki t ap transpòte 22,160 katouch sa yo, otorite dominiken yo konte 12,000 kalib 7.62 minimèt, ak 10,160 kalib 5.56 minimèt.
Medam sa yo ansanm ak tout ti bebe a transfere nan baz operasyon fwontalye a kote otorite dominiken yo kenbe machin lan e sezi 5 telefòn pòtab, ladan yo 3 Samsung, yon IPhone ak youn ki se mak Krie Kraek. Yon gwo kantite lajan ki estime 39,510 goud, 1,100 pèso sezi egalman, san konte yon paspò ayisyen ki sou non Yvanosky Joachim.
Daprè enfòmasyon ki disponib nan men otorite dominiken yo, Yvanosky Joachim ki se mèt paspò sa ki te nan machin lan se Vis delege komin Bèladè, e se ta mari Milien Midrène Manessa, youn nan de fanm ki anba kòd yo.
Facebook Comments