Dimanch 6 Novanm 2022 a, yon jounen travay te tanmen pa bò kote divès eli ak siyatè akò Montana a nan lide pou sere lyen yo epi jwenn yon debouche sou kriz sosyopolitik, ekonomik ak sekiritè k ap bwase bil peyi a depi plizyè mwa, sitou depi aprè lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse.
Chita pale sa te rive fèt ant Prezidan eli akò Montana Mesye Fritz Alphonse Jean, Premye minis eli a Steven Benoît, pami kèk lòt reprezantan. Sou Magik 9, prezidan eli akò a fè konnen jounen travay sila se te yon jounen restitisyon ak echanj ant plizyè pati politik, sosyete sivil la ak sektè prive a ki fè pati akò a, pou rive jwenn yon konsansis nasyonal ak lòt moun ki pa esansyèlman fè pati akò a.
Echanj yo te fèt alantou yon dokiman M. Fritz Jean te prezante ki pale de estrikti gouvènans, relans tranzisyon an, ak inite kontwòl aksyon gouvènmantal yo, elatriye. Li te prezante dokiman ak tout moun ki te sou tab diskisyon an. Dokiman sila gen ladanl restitisyon rankont yo sou jan diskisyon politik yo ap vanse, epi pèspektiv ki genyen pou chèche yon konsansis nasyonal pa bò kote siyatè yo, ki genyen lejitimite akò a.
Daprè Fritz Alphonse Jean, plizyè pwopozisyon fèt nan lide pou pi byen amonize travay diferan antite ki fè pati akò Montana a. Li souliyen Akò sa se pa yon pati politik, men pito li reyini antite ki gen pozisyon politik divèjan, sa ki lakòz genyen kontradiksyon nan kèk pwen. Sa se prèv demokrasi, pou eli a.
M. Fritz Alphonse Jean voye jete byen lwen rimè k ap sikile nan radyo ak sou rezo sosyal yo ki fè kwè ta gen yon potansyèl siyati ki fèt. Li deklare peyi a nan yon moman politik ki ekstrèmman frajil, genyen yon bann fo nouvèl k ap sikile, se menm yo menm ki fè panse gen siyati ki pral fèt.
« Yon tweet, yon nòt ki di mwen ak Premye minis eli a te retire estati prezidan eli ak Premye minis Montana, mwen pa konn kote sa sòti, se demach yon gwoup inivèsite te soti pou di yo jwenn yon akò. » Prezidan ki sòti nan akò 30 dawout la fè konnen se plis pase mil 100 antite ki fòme kò siyatè akò Montana ak plis pase 500 òganizasyon. Se plis pase 900 mil pou rive 1 milyon moun ki voye 42 moun reprezante yo.
« Pou nou menm, pou nou ta depouye nou de estati sa fòk nou ta ale devan asanble siyatè a oubyen al devan antite sa yo: KNT (Konsèy Nasyonal Tranzisyon an), Fowòm politik la, Platfòm sosyete sivil la, elatriye, pou n al di yo, pou yon rezon ou pou yon lòt, swa nou malad, swa nou pa konprann kote Montana prale epi nou depouye nou de estati a e devan yo », se deklarasyon l.
« Donk nou pat ka pale ak yon endividi oubyen yon gwoup moun ki deyò estrikti sa, pou n al di nou depouye nou. »
Fritz A. Jean deklare gen anpil mannèv ak anpil traktasyon politik k ap fèt, donk se te pou rasire siyatè yo li pa t janm kesyon pou li menm oubyen Steven Benoît kòm Premye minis eli akò Montana, pou yo te depouye yo de estati sa.
« Tout k ap di sou rezo sosyal yo se fo nouvèl », se sal fè konnen.
Facebook Comments