Aprè plizyè mwa peyi a t ap fè fas ak yon rate gaz ki lakòz anpil aktivite paralize, ayè madi 8 Novanm lan ministè Komès ak Endistri (MCI) fè konnen apati samdi 12 k ap vini la konsomatè yo ap kapab kòmanse apwovizyone yo kè pòpòz nan ponp yo.
Si nouvèl sila bay anpil soulajman, sitou avèk fèt fen dane yo k ap rive nan pa twò lontan, anpil moun ap kesyone yo sou pri gaz la ap gen pou vann nan ponp yo aprè l fin disponib. Èske galon gazolin nan ap toujou vann 250 goud, se kesyon k ap poze.
Pri gaz la pa p chanje nan ponp yo, ogmantasyon an toujou kenbe jan gouvènman Ariel Henry a te anonse l nan mwa septanm pase a, se sa nou aprann. Metronome Haïti, yon medya frè ki site sous li konfime nouvèl sa tou.
Nan dat 13 septanm nan n ap raple, Premye minis peyi a, pandan yon konsèy minis, te chita sou nouvo pri pwodwi petwolye yo te dwe vann nan ponp yo. Konsa gazolin nan ki te vann 250 goud te pase ak 570 goud, dyezèl la 353 pou 670 goud, epi kewozèn nan 352 pou 665 goud.
Leta ayisyen te ajiste pri yo konsa: 320 goud ogmantasyon sou gazolin nan, 317 goud sou dyezèl la epi 313 goud sou kewozèn nan, mete sou sa rejim Tèt Kale a te deklare li paka sibvansyone gaz la ankò. Ansanm desizyon sila yo lakòz jiskaprezan popilasyon fache.
Suit ak sa plizyè sektè ki te jwenn sipò popilasyon an te pran lari pou rele chalbare dèyè mezi sila, yo te lanse mobilizasyon “Bwa kale” pou te mande PM Ariel ak tout gouvènman li an remèt demisyon. Sa ki pa rive fèt alòske gen anpil dega ki fèt pandan peryòd sila ki dire plis pase 2 mwa.
Mete sou sa bandi G9 an Fanmi e Alye te pran kontwòl tèminal Varreux ki founi pi fò teritwa gaz. Chèf gang Jimmy Cherizier alyas Babekyou te mete kòm sèl kondisyon pou l libere tèminal sila ki nan Site Solèy, depa lokatè Primati a. Akòz sa kriz la te vin pi mal, lekòl, lopital, antrepriz, elatriye, paka fonksyone jiskaprezan, genyen ki oblije modifye orè travay yo oubyen redui nan pèsonèl yo. Sa lakòz anpil moun tonbe nan chomaj aktyèlman.
Anplis sa, yon kontrebann gaz te kreye ant Ayiti ak Repiblik dominikèn. Ayisyen t al achte gaz lòt bò fwontyè pou vin vann byen chè pa bò isit. Pri galon gazolin nan te menm rive vann 5000 lil goud atè pandan yon tan, aktyèlman li sitiye ant 2 mil 250 goud ak 2000 goud.
Genyen plizyè gwo antrepriz ak lopital ki te oblije pase kòmand gaz an Repiblik dominikèn pou yo te fonksyone. Kanta anbasad Lèzetazini an Ayiti, li te oblije voye dèyè gaz pa avyon lakay li Ozetazini.
Pou kounya MCI anonse ponp yo ap kòmanse apwovizyone apati jodi mèkredi 9 Novanm nan pou rive vandredi 11, nan lide pou kòmanse vann konsomatè yo apati samdi 12 novanm 2022 a.
Sa rive posib aprè entèvansyon lapolis la nan komin Site Solèy semèn pase a. Plizyè inite espesyalize PNH la te mennen bon jan operasyon nan nich bandi G9 yo nan Site a pou te libere tèminal Varreux ak repare wout bandi yo te andomaje pou te anpeche kamyon sòti. Menmsi nan yon lòt bò ansyen direktè jeneral Televizyon Nasyonal d Ayiti (TNH) doktè Harrison Ernest deklare se aprè plizyè negosyasyon avèk Babekyou Ariel Henry rive debloke tèminal Varreux.
Facebook Comments