NETALKOLE

Ariel Henry pa bay revandikasyon pèp la regle anyen pou li 

Sa gen yon semèn depi Pòtoprens ak plizyè vil pwovens cho kou vè lanp. Pèp la pran lari plizyè fwa deja pou denonse move tretman l ap sibi anba men pouvwa anplas la ki rete bèkèkè alòske ensekirite a ak lavi chè ap bay li gagann. 

Depi 22 dawout pase, plizyè manifestasyon ap fèt kont chèf gouvènman ayisyen an Ariel Henry. Wout bloke, kawoutchou boule, ti komès ak gwo antrepriz sispann fonksyone, Premye minis lan pa di yon mo. 

Ayè 7 septanm nan alòske pèp la t ap manifeste kont lavi chè, ensekirite epi gaz ki pa genyen, PM nan kite peyi a abò yon avyon, li al patisipe nan yon chita pale ak plizyè antreprenè Ozetazini ki enterese vin envesti nan peyi a, daprè sa Primati a fè konnen. Li pa menm fè yon “tweet” sou sa k ap pase yo.  

Depi lè li pran pouvwa 20 jiyè 2021 an, Premye minis lan pa reyèlman bay pèp la regle anyen pou li. Si moun ki te nonmen l lan, nan referans ak Jovenel Moïse, te konn pwononse l pafwa sou aktyalite sosyopolitik la, mouche sa li menm li plis konsène pa sa k ap pase lòt bò dlo. 

Moun ap mouri chak jou, bandi ap fè lalwa tout kote, se pa pou aktyèl lokatè Primati a pwoblèm sa yo ye. Kri Ayisyen yo pa gen okenn siyifikasyon. 

Depi omwen 10 dènyè ane sa yo peyi a tounen yon lanfè pou moun k ap viv ladan l, okenn klas pa epanye ni nan Pòtoprens ni nan vil pwovens yo. Bandi ap simaye latwoublay tout kote e yo gen pi gwo zam pase lapolis la nan kèk zòn. 

Malgre tout sa yo, anyen pa janm fèt pa bò kote Ekzekitif la ki wè enterè sèlman nan fè eleksyon ak jwenn akò politik ki pa p itil pèp la anyen. 

Opozisyon an debachi depi lè Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) kraze lit la epi al jwenn rejim PHTK twazyèm vèsyon an. Sèl lidè Pitit Desalin nan, Moïse Jean Charles k ap fè jefò pami kèk grenn lòt lidè, men sa pa sifi pou fè Ariel Henry rache manyòk li sou pouvwa jiskaprezan. 

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Articles Similaires

1 de 1 155

Laisser un commentaire