Ayiti-Aktyalite: Kidnape depi 8 jou,Sè Kattia Fanfan Pierre libere aswè a

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Jodi vandredi 22 janvye 2021 an, nan aprè midi sè Kattia fè egzakteman 8 jou li pase anba men bandi ki te kidnape l, selon enfòmasyon nou rive konfime. Sè Kattia Fanfan Pierre, kise responsab ministè fanm nan legliz advantis ( Pergame ) ki twouve l nan zòn mayo gate, rive jwenn liberasyon li jodi vandredi an nan kòmansman saba a.

N ap raple nou , ravisè yo te mande 300 000 dola ameriken pou yo te libere li, okenn moun ki pwòch li pa deside ban nou plis detay sou kondisyon liberasyon an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan moman yo te kidnape l la, dirijan legliz advantis yo te deside kenbe enfòmasyon an sekrè pou l pat nan pataje sou rezo sosyal, men yo te ekzòte manm legliz yo priye e entèsede pou mande Bondye libere sè Kattia.

NAK-MEDIA

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article