Ayiti-Mizik: Poppy Duverné rejwenn MAESTRO

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Poppy Duverné anpil moun konnen depi wap swiv mizik evanjelik oswa mizik altènativ yo, ou pa ka pa konn Poppy youn nan pi bon mizisyen ak maestro jenerasyon sa bay pou sektè evanjelik la.

Poppy deside rejwenn ekip Maestro a kap dirije pa T-Ansyto kòm dezyèm kibòdis, selon enfòmasyon nou jwenn T-Ansyto fè konnen yo te reflechi anpil avan yo te rive fè chwa sa, nap raple pou nou menm kap li ke Poppy te nan gwoup revelasyon mizik, Mister Divin e dènye gwoup evanjelik li tap dirije sete Reskape Mizik, pou atis altènativ yo Poppy jwe ak Belo,Jean Jean Roosvelt,Thamara Suffren, poun site sa yo sèlman e li te fon ti pasaj nan Nu-Doré kòm kibòdis tou.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Chantè,aranjè ak kibòs, Poppy rejwenn ekip Maestro a pou lal fon lòt eksperyans, enfòmasyon ki konfime pa plizyè zanmi ki pwòch gwoup la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article