Biwo kowòdinasyon Afè etranjè yo (OCHA) ki anba titèl Nasyonzini fè konnen sòti 14 pou rive 19 avril, batay ki gen ant gang yo nan Site Solèy gentan koute lavi ak 70 moun, epi yon karantèn blese nan popilasyon an.
Pami viktim OCHA resanse yo genyen 18 fanm ki mouri ak 2 timoun, epi gen 12 lòt fanm ki sòti blese. Òganis la presize moun sila yo mouri oubyen blese ak bal oubyen zam blanch.
“Batay yo ap fè ravaj nan Site Solèy. Sitiyasyon an nan Brooklyn, pa ekzanp, dramatik anpil. Popilasyon an santi l sènen. Li paka kite lakay li akòz li pè vyolans ak zam yo epi laterè gang yo”, Biwo kowòdinasyon Afè etranjè yo (OCHA) fè konnen, nan vwa kowòdonatè imanitè an Ayiti, Ulrika Richardson.
Anplis sa, OCHA plenyen popilasyon an nan komin Site Solèy ap soufri yon sekirite alimantè san parèy, san konte li se youn nan episant epidemi kolera a.
“Gwo lapli nan semèn ki sot pase yo rann pi mal kondisyon sanitè ak lavi nan katye sila. Sitiye bò lanmè, devan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, Site Solèy inonde ak fatra ki soti nan kapital la. Kòm konsekans, fatra bloke nèt aksè nan Brooklyn. Pa gen okenn veyikil, pami yo kamyon sitèn, ki ka jwenn aksè la a. Sitiyasyon an louvri pòt epidemi kolera ogmante ankò, epi lakòz lòt epidemi gaye tou.”
Kowòdinatè imanitè OCHA an Ayiti di li enperatif pou èd imanitè rive jwenn moun ki nan Site Solèy yo san okenn antrav, fòk yo jwenn tou pwoteksyon ak respè sante, edikasyon, pèsonèl imanitè ak kritik ak enfrastrikti, ki gen ladan l apwovizyonnman dlo.
Pou li menm “moun yo dwe kapab jwenn aksè san danje ak sèvis de baz yo, pwodwi epi èd imanitè. Sitou, yo dwe kapab viv an sekirite ak diyite”.
Facebook Comments