Chèf gang 400 egare a anba men lapolis 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
chèf gang 400 egare a anba men lapolis 

Augustin Mondestin, se non endividi sila Police Nationale d’Haïti (PNH) mete anba kòd nan kòmansman ane a epi prezante li kòm chèf gang « 400 Egare » yo k ap opere nan nò peyi a, pi presizeman nan zòn Mayisad. 

Dimanch 1ye janvye a lapolis arete nimewo 1 « 400 Egare » yo, Augustin Mondestin, alòske l t ap kite vil Kapayisyen pou rann li Sen Raphaël, depatman Nò peyi d Ayiti. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lapolis t ap chèche l depi kèk tan. Chèf gang sila gen men li tranpe nan yon atak ak zam ki te fèt sou Komisarya Mayisad la, nan dat mèkredi 7 septanm 2022 a. Depi lè sa li t al kache an Repiblik dominikèn. 

Ekip Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik (CPRP) enstitisyon polisyè a raple lè atak sila, Jean Roger, yon polisye Ajan 4, te resevwa yon bal nan janm dwat li. 

Pou kounya PNH la enfòme li mete chèf gang « 400 Egare » a yon kote pou machin pa frape l, pandan l ap tann lajistis fè suivi ki nesesè sou dosye a. 

Paralèlman n ap raple lapolis la di l ap kontinye ranfòse kapasite operasyonèl li sou teren an epi kontinye mete presyon sou gang ame yo pou demantle yo nan kapital la Pòtoprens ak nan plizyè vil pwovens. Pou kòmansman lane 2023 a, plizyè bandi gentan anba kòd oubyen bwè dlo bouch yo nan afwontman ak lapolis. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.