Ayiti sou menas yon nouvo kriz pwodui petwolye 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
ayiti sou menas yon nouvo kriz pwodui petwolye 

Chak jou ki pase, konsta yo montre gen mwens estasyon sèvis k ap fonksyone. De twa grenn ki ouvri yo fè fas ak yon seri de liy moun men longè ki vle fè gaz. Yon sitiyasyon ki kòmanse bay gwo kè kase aprè anviwon 2 mwa depi peyi a sòti nan yon kriz petwolye. 

Daprè Asosyasyon nasyonal pwopriyetè estasyon sèvis yo (ANAPROSS), nouvo pri gouvènman an fikse pou pwodui petwolye yo ak monte to dola ameriken an se pami rezon ki eksplike ratman gaz sa ki genyen sou mache lokal la dènye tan sa yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè manm direksyon ANAPROSS la, konpayi petwolye yo k ap plase kòmand gaz pou pote sou mache lokal la vini ak yon nouvo pratik kote yo egzije pwopriyetè estasyon sèvis yo peye kòmand yo fè yo an dola ameriken. 

Avèk nouvo pri gouvènman an te fikse pou gaz la vann nan ponp yo nan mwa septanm ki sot pase a, ak dola a ki pa sispann file monte sou mache lokal la, kreye yon dezekilib nan aktivite yo kote pri reyèl galon an depase nèt sa ki fikse nan ponp yo daprè ANAPROSS. 

Avèk nouvo pratik sa, pwopriyetè ak jeran estasyon sèvis yo twouve yo nan obligasyon pou al chanje kòb yo vann sou kòmand yo an dola ameriken pou kapab plase lòt kòmand. Yon sitiyasyon ki lakoz anpil ponp gen rezèvwa yo vid dènye tan sa yo, sitou nan vil pwovens yo daprè asosyasyon an. 

ANAPROSS envite otorite yo aji prese prese, san delè, pou jwenn yon solisyon ak pwoblèm sa ki riske rann pwopriyetè ak jeran estasyon sèvis yo oblije fèmen pòt yo epi kanpe sou tout aktivite komèsyal yo nan peyi a. 

Avèk to dola ameriken an k ap monte chak jou pi plis nan peyi a, tout aktivite komèsyal ki enplike echanj deviz sibi gwo enpak. Yon sitiyasyon ki bay posiblite pou otorite gouvènmantal yo ta ogmante pri pwodui petwolye yo yon lòt fwa ankò akoz dezekilib sa ki pa sispann kreye ant goud la ak deviz etranje yo, prensipalman dola a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.