Aymeric Laporte : « Mwen pa adikte ak foutbòl, mwen pa renmen gad match » 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
aymeric laporte « mwen pa adikte ak foutbòl, mwen pa renmen gad match » 

Si pou anpil moun foutbolè yo se toujou yon bann pasyone, Aymeric Laporte se eksepsyon pou règ sa a. Deklarasyon jwè ekip Panyòl la fè dènye jou sa yo pwouve sa. 

Aymeric Laporte se jwè ekip Manchester City a nan peyi Angletè epi l fè pati de ekip Espay la pou Mondyal FIFA, Kata 2022 a. Se yon defansè santral ki gen orijin fransè epi ki te konn jwe pou Athletic Bilbao nan tan pase yo. Semèn sa, li deklare li pa adikte ak foutbòl. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Mwen pa adikte ak foutbòl, mwen pa renmen gad match yo. Pou m onèt, lè m pral jwe ak Manchester City, m pa menm konn a kilè n ap jwe » se deklarasyon chòk sa defansè santral ekip Pep Guardiola a soti. 

Li te rapouswiv pou l di : « Lavèy match yo, fanmi m toujou ap mande m a kilè m ap jwe. M toujou reponn m pa konnen. M pa menm konn sou kiyès nou ka tonbe nan uityèm final » li te ajoute sa sitou pou ekip Espay la k ap debat nan Mondyal la. 

Yon foutbolè ki pa atache ak foutbòl ki sanse metye l, yon metye k ap fè l rantre yon pakèt lajan, se yon bagay ki ka siprann anpil moun. Men se paske anpil nan yo wè l tankou yon metye ki rantrab, pa tankou yon pasyon vre, ki fè yo pa adikte avè l. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.