Yon rechèch mikwobiyolojis ameriken John Golobis reyalize, ap fè nou wè mesye a bab yo yon lòt jan, paske dapre etid sa, jan twalet yo gen anpil mikwòb la, se konsa bab yo chaje tou.
Senbòl virilite, akseswa mòd, mwayen pou chame, bab la enpòtan anpil pou mesye yo e gen kèk fanm tou ki renmen wè nèg a bab, renmen manyen ak jwe nan bab mesye yo. Nan peyi nou, nou bay anpil eslogan sou bab la tankou « nèg a bab pa konn lèd », sa ki pa toujou vrè, « nèg ki pa gen bab se prensès », « se emoji », « neg a bab se mesye neg san bab se ti gason », elatriye.
Nan denye tan sa yo, mesye yo finn wè mò nan achte pwodwi pou fè bab pouse ak pou kenbe yo bel. Medam yo menm finn debòde nan flate ego mesye a bab yo. Men, bab la pa pwòp jan nou taka panse l la.
Pou rechèch sa, John Golobis te itilize plizyè nèg a bab ki sete volontè pou etid sa. Li pase aplikatè nan bab yo epi li tal analize yo nan laboratwa pou wè sa ki ladan yo. Rezilta yo ta pral montre ke bab la menm se yon gwo nich mikwòb. Dapre John Golobis, menm tip mikwòb ak bakteri ki genyen nan twalet piblik yo, se menm yo menm nan ki detekte nan bab yo e menm gen kek echantiyon ki montre bakteri ki genyen nan matyè fekal yo.
« Si syantifik yo te detekte kantite mikwòb sa yo nan dlo, fòk yo ta mande yon dezenfeksyon. » daprè John Golobis, ki fè konnen tou, gwo konsantrasyon salte sa pa yon risk pou sante mesye yo.
Menm si sa, li rekòmande yo pou yo toujou lave bab yo, menm jan yon moun ka lave cheve nan tèt li, pa selman kontante nou de lave vizaj nou mesye. Pran san nou pou nou lave bab la tou, epi byen seche l, pou evite mikwòb yo ak bakteri yo miltipliye epi pou bab yo pa tonbe poukont yo, akoz imidite ki rete nan bab la.
Bab yo pa pwòp, kidonk pran swen yo, netwaye yo, lave yo, pou nou ka fè plis djòlè ak yo.
Facebook Comments