BAl mande Caricom pou l pa enplike nan koze voye yon fos militè an Ayiti 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
bal mande caricom pou l pa enplike nan koze voye yon fos milite ann ayiti 

Biwo Avoka Entènasyonal (BAI), nan yon korespondans li adrese ak Caricom mande antite rejyonal la pou li pa enplike nan posiblite voye yon fòs militè an Ayiti. BAI fè konnen MINUSTAH pat regle anyen nan peyi a. 

Premyèman, Biwo Avoka Entènasyonal (BAI) di MINUSTAH se te yon echèk « mòtèl ki te koute chè ».  Daprè òganizasyon an, li te depanse 9 milya dola ameriken sou trèz (13) ane epi li te kite Ayiti mwens demokratik pase lè li te rive a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan lèt li a, BAI fè remake tou misyon Nasyonzini an te nan rasin kolera a ki te touye plis pase 10,000 konpatriyòt e ki te afekte plizyè milye lòt moun ann Ayiti nan lane 2010 apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la a. 

Nan sans sa, Biwo Avoka Entènasyonal (BAI) fè remake « Nasyon Zini te joure pèp ayisyen an, te lakòz gwo soufrans ak lanmò epi yo te derespekte règ lalwa lè yo jete dlo egou ki kontamine ak kolera nan rivyè nou yo epi refize respekte obligasyon legal li genyen pou repare domaj ki te koze yo ». 

Se sak fè, BAI di li espere CARICOM pral yon lòt fwa ankò ensiste pou kominote entènasyonal la sispann sipòte yon rejim enkonstitisyonèl ak enpoze, pou pèmèt ayisyen jwenn yon solisyon demokratik epi dirab nan kriz politik sa a kap ravaje peyi a depi yon bon ti tan. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.