Bank yo pa lwen retounen nan orè fonksyonman regilye yo a 

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
bank yo pa lwen retounen nan orè fonksyonman regilye yo a 

Nan dènye revizyon ki fèt sou kesyon orè fonksyonman sikisal Bank yo, Asosyasyon pwofesyonèl bank yo (APB) anonse sikisal yo ap ouvè sòti lendi 14 novanm pou rive jedi 17 novanm. 

Nan yon nòt pou laprès ki pibliye vandredi 11 novanm lan, APB avize piblik la an jeneral e kliyantèl bank yo an patikilye sou nouvo dispozisyon sa ki pran nan orè fonksyonman bank yo ki pral ouvè pandan 4 jou youn aprè lòt pou semèn 14 novanm lan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Asosyasyon pwofesyonèl bank yo, enstitisyon finansye yo ap pran tout dispozisyon pou kapab retounen ak orè fonksyonman regilye yo a pi vit posib. 

Nan nòt sa, APB pwofite remèsye kliyantèl bank yo pou pasyans ak konpreyansyon yo te montre dènye tan sa yo sou fason enstitisyon finansye yo bay sèvis pandan moman kriz ki gen nan peyi a. 

Akoz kriz gaz peyi a konnen pandan dènye mwa yo, asosyasyon bank yo te pran desizyon pou ouvri sikisal yo pandan twa jou nan yon semèn nan lide pou te kapab fè fas ak pwoblèm gaz ki gen nan peyi a. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia