Lèzetazini mande sitwayen li yo pou pa vwayaje nan yon ventèn peyi, pami yo Ayiti 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lèzetazini mande sitwayen li yo pou pa vwayaje nan yon ventèn peyi, pami yo ayiti 

Lèzetazini, atravè Depatman d Eta, mande pou sitwayen ameriken yo pa vwayaje nan yon ventèn peyi akòz ensekirite ki genyen la yo. Nan yon lis 20 peyi li konsidere ki reprezante yon danje pou resòtisan li yo, gouvènman ameriken an plase Ayiti an 6è pozisyon. 

Wi, depi kèk tan teritwa ayisyen an ap fè fas ak divès aktivite banditis ki pa epanye pèsòn. Depi plizyè lane, sitou sou manda prezidan asasinen Jovenel Moïse, Ayiti ap konnen yon nivo ensekirite san parèy an rezon ka asasina, kidnapin, vòl ak vyòl yo ki konte pa santèn. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Anplis pèp ayisyen an k ap trepase anba zam ak manchèt bandi nan Pòtoprens ak vil pwovens yo, etranje – pami yo Ameriken, Dominiken, Kanadyen, Kiben, Fransè ak Ris – viktim anba men òlalwa yo ki fè dappiyanp sou tout sak ap pase anba je yo. 

N ap raple, nan Kwadèboukè samdi 16 oktòb 2021 pase a, bandi te kidnape 17 misyonè kretyen ansanm ak manm fanmi yo, pami yo plizyè timoun, pandan yo te an vwayaj an Ayiti. Gang 400 Mawozo, ki gen nan tèt li Wilson Joseph alyas Lanmò San Jou, te kidnape yo abò yon bis nan Latranblè. Yo te rive jwenn liberasyon yo kont ranson. 

Avan sa te rive, menm gwoup malfektè sa yo te kidnape nan mwa Avril 2021 7 relijye ki te gen 2 sitwayen fransè pami yo, yo te libere yo kont gwo sòm lajan tou. 

Anplis sa genyen plizyè lòt resòtisan etranje ki viktim anba ensekirite a, genyen ki menm arive pèdi lavi yo. Se tout sa yo, mete sou dènye kriz peyi d Ayiti ap travèse la ki fè Depatman d Eta ameriken an pran desizyon klase Ayiti nan lis sila. 

Depi prèske 3 mwa peyi a bloke anwo kou anba aprè desizyon gouvènman Ariel Henry an te pran pou monte pri gaz la nan ponp yo ak pa sibvansyone pri l ankò sou mache a. Konsekans: lekòl, biznis pami kèk lòt sektè aktivite paralize. Lavi a vin pi chè, sitou depi aprè mobilizasyon pou te chavire Ariel Henry sou pouvwa, men ki pa mache. Gang yo pran kontwòl zile a, patikilyèman G9 an Fanmi e Alye ki te kontwole pi gwo sant kote yo estoke gaz sou teritwa, tèminal Varreux ki nan komin Site Solèy.  

Malgre sanksyon entènasyonal la bay anyen pa ralenti gang yo nan mechanste y ap poze nan sosyete a, yo pran fòs, yo pi vyolan, san konte lapolis prèske paka fè anyen.  

Si jiskaprezan dosye peyi a devan kominote entènasyonal la, pako genyen okenn konklizyon ki pran pa bò kote Nasyonzini nan zafè sila, patikilyèman avèk yon fòs entèvansyon pou vin met lòd nan dezòd. Toutfwa genyen kèk peyi tankou Lèzetazini, Kanada ak Repiblik dominikèn ki deja pran mezi inilateral pou sanksyone chèf gang yo, pami lòt pèsonalite politik, nan peyi d Ayiti ak anpeche yo vin sou sou teritwa yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Repiblik dominikèn te pibliye yon lis moun pou di yo pa byenvini sou teritwa li a, pami yo ansyen Premye minis Claude Joseph ak chèf gang G9 la Jimmy Cherizier alyas Babekyou. Lèzetazini pa bò kote pa l anonse plizyè sanksyon kont yo tankou koupe viza, sezi byen, ak mete pri sou tèt plizyè bandi ak politisyen. 

Nan yon deklarasyon ki te pibliye 7 Novanm pase a, Depatman Lajistis Ameriken an te mete pri sou tèt plizyè chef gang k ap opere nan peyi d Ayiti, pami yo 3 ki enplike nan kidnapin 16 sitwayen ameriken an 2021 pase.  

Chèf gang konsène yo se Wilson Joseph alyas Lanmò San Jou, Jermaine Stephenson alyas Gaspiyay, Vitelhomme Innocent. N ap raple Lèzetazini te deja arete Joly Germaine alyas Yonyon nan dosye sila. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Antretan sou sit vwayaj Depatman d Eta Ameriken an, peyi ki devan Ayiti yo nan zafè ensekirite se Afganistan, Belaris, Boukinafaso, Bimani, Madagaska epi vini Ayiti. Aprè teritwa ayisyen an nou jwenn Iran, Irak, Libi, Mali, Kore di Nò, Risi, Somali, Sid Soudan, Soudan, Siri, Tonga, Ikrèn, Venezyela ak Yemen. Tout klase nan kategori wouj daprè Lèzetazini ki mande pyès sitwayen ameriken pa vwayaje la, e si yo nan peyi sa yo pou yo kouri kite san pran tan. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.