Brezil pa twò anvizaje bay yon asistans militè ak Ayiti 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
brezil pa twò anvizaje bay yon asistans militè ak ayiti 

Sou demann gouvènman ayisyen an ki te mande entèvansyon yon fòs militè miltinasyonal nan peyi a pou rezoud pwoblèm ensekirite a, kòm plizyè lòt peyi nan rejyon an, Brezil pa montre l twò entèrese ak demach sa. 

Nouvo gouvènman brezilyen an ki gen an tèt li Lula da Silva, k ap gen pou pran fonksyon premye janvye 2023, pa ta gen nan pwojè l pou bay ak Ayiti asistans militè sa Pemye minis Ariel Henry te fè bò kote Nasyonzini pandan mwa oktòb ki sot pase a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Celso Amorim, konseye politik etranje nouvo Prezidan brezilyen an, Minis afè etranje pandan de fwa, epi minis defans sòti 2011 pou rive 2014, fè konnen tout patisipasyon Brezil nan yon fòs miltinasyonal an Ayiti parèt difisil. 

Amorim raple patisipasyon militè Brezil nan MINUSTAH nan lane 2004 a 2017 pa t jwenn benediksyon popilasyon an, sa ki te rann misyon an pa t konnen gwo siksè nan peyi a.  

Anbasad Etazini ta kontakte otorite brezilyen yo pou mande si Brezil ta ka patisipe nan yon fòs entèvansyon militè an Ayiti, daprè yon responsab brezilyen ki pa t otorize site non l. Brezil ta klèman eksprime pozisyon l pou fè konnen patisipasyon l trè difisil. 

N ap raple, sou demann sa gouvènman ayisyen an te pote devan Konsèy sekirite Nasyonzini an, toujou poko gen okenn desizyon ki pran pou ta voye ou pa yon fòs militè miltinasyonal an Ayiti. Lachin ak Larisi ki gen dwa veto nan konsèy la toujou poko vle rantre nan demach sa ki gen Etazini kòm prensipal peyi k ap mennen l. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.