NETALKOLE

Brezilyen yo mande pou Carlo Ancelotti vin antrene Brezil

Nan yon konferans pou laprès prezidan CBF la Ednaldo Rodrigues, fè konnen se pa selman jwè yo ki montre enterè pou Coach Italyen an, Carlo Ancelotti vin antrenè seleksyon Brezil la, men se tout pèp Brezil la ki dakò pou aktyèl antrenè Real Madrid la vin pran tèt seleksyon an.

Depi aprè echèk Brezil nan kadefinal Mondyal 2022 a nan peyi Kata, federasyon foutbòl nan peyi Brezil ap chache yon antrenè ki pou vin ranplase Tite, Carlo Ancelotti pi bon favori pou pos sa. Yon kontra ki kapab fèt pou fen sezon an.

Antrenè 63 lane a gen bon rapò ak yon ekip jwè Brezilyen tankou Rodrygo, Casemiro, Militao, Vinicius. Vinicius te menn fè konnen si Ancelloti vini nan tèt Seleçao a, se ap yon bon bagay paske se youn nan meyè antrenè li travay. Sa ki pa manti pou okenn moun, se ak ansyen Coach Bayern Munich lan, Vinicius rive enpoze l nan Real Madrid.

Yon lòt bò, prezidan CBF, Ednaldo Rodrigues fè konnen :  » m renmen Carlo Ancelotti. Se pa sèlman jwè yo ki renmen l, se tout pèp Brezil la ki renmen l. Se tout kote m ale nan peyi a. Carlo Ancelotti se non tout fanatik ap mande. An n rete tann pou n wè sa n ka fè ». Se sa prezidan deklare.

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Articles Similaires

1 de 1 075