Fondasyon Je Klere (FJKL) nan yon kominike li pibliye madi 17 janvye a, di li te pran nòt de piblikasyon Konsèy Siperyè Lajistis la (CSPJ), lendi 16 janvye 2023 a, konsènan lis Magistra ki sètifye ak sa ki pa sètifye yo. FJKL mande otorite yo pou yo pran tout dispozisyon pou majistra ki pa sètifye yo rann kont bay nasyon Ayisyen an.
Nan kominike sila a, Fondasyon Je Klere fè konnen travay sa a reponn ak volonte atik 70 lwa 27 novanm 2007 sou estati Lajistis la ki di : Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a òganize yon pwosedi sètifikasyon pou Jij ak Ofisye Pwokirè Piblik yo, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP).
Nan sans sa a, FJKL di lis CSPJ a gen ladann 31 majistra ki sètifye pou yo kontinye rann jistis ak moun ki merite jistis yo dwe jwenn onè ak merit patri a, tout pandan li ankouraje yo pou yo pa konsidere sètifikasyon yo kòm yon rezilta, men kòm yon kondisyon adisyonèl moralite.
« Peyi a gen dwa atann de majistra sa yo yon pi wo degre moralite pase yon sitwayen òdinè, » ekri Fondasyon Je Klere nan Kominike a, avan li fè konnen 30 majistra sa yo ki pa sètifye yo pwobableman fè pati nan senkant (50) majistra kòwonpi ansyen prezidan Jovenel MOISE te nonmen yo te mete deyò nan sistèm nan pou plizyè rezon.
« FJKL remake kèk nan majistra ki pa sètifye yo ap eseye diskredite travay Komisyon Sètifikasyon Teknik (CTC) a ak CSPJ la. FJKL kwè se sèlman yon deba Pwosedi piblik, oral ak advèsè devan yon tribinal endepandan ak san patipri ki kapab efase yon majistra ki pa sètifye nan yon deklarasyon piblik », te souliye Fondasyon an, tout pandan li fè konnen akizasyon grav kont konseye yo ta dwe envestige, menm si yo pa afekte validite travay la nan CTC a.
Yon lòt bò, FJKL mande otorite konstitye yo pou yo pran tout dispozisyon pou majistra ki pa sètifye yo rann kont bay nasyon an. Li mande tou pou lajistis pran mezi ijan kont jij ki pa sètifye yo tankou: entèdiksyon vwayaj, konjelasyon byen, konfiskasyon paspò, sezi pwopriyete elatriye.
Facebook Comments