CARICOM pwononse l sou kriz ayisyèn nan 

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
La Caricom exhorte la recherche d'un accord consensuel en Haïti La Communauté des États de la Caraïbe (Caricom) dans une note rendue publique, exhorte toutes les parties prenantes du pays à se joindre à la recherche d'un accord consensuel sur les crises

CARICOM, ki se Communauté Caribéenne, pwopoze pou bon jan chita pale fèt ant aktè politik yo an Ayiti aprè gouvènman ayisyen an, nan non Premye minis Ariel Henry, te fin fè demann èd entènasyonal pou rezoud kriz aktyèl la. 

Chèf gouvènman CARICOM yo mande pou gen dyalòg ant gouvènman ak lòt aktè yo pou jere kriz imanitè, sekiritè, politik ak ekonomik peyi d Ayiti ap fè fas aktyèlman. 

“Chèf gouvènman yo mande tout pati ki konsène yo an Ayiti pou yo rasanble san pran tan nan moman kritik sila pou sòti peyi a nan enpas li ye aktyèlman”, se deklarasyon òganizasyon rejyonal la nan yon kominike. 

Sou menm liy lan, dirijan CARICOM yo montre Ayiti ki se yon peyi manb, volonte yo genyen pou fasilite yon dyalòg k ap konstwi epi pou jwenn yon antant. 

N ap raple peyi ki konpoze òganizasyon CARICOM nan se Antigwa, Baamas, Babad, Beliz, Ladominik, Giyàn, Lagrenad, Ayiti, Jamayik, Monsera, Senkitnevi, Sent Lisi, Sen Vincent ak Grenadin, Sirinam ak Trinidad ak Tobago. 

“Yo fè konnen asistans yo pwopoze a ap gen ladan l devlopman enstitisyonèl, reyalizasyon eleksyon  lib ak ekitab lè kondisyon nesesè yo ranpli, epi etabli yon kad pou devlopman sosyal, ekonomik a lon tèm”. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED: ,
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.