5 janvye 2023 a, Prezidan ameriken an, Joe Biden, te anonse yon pwogram Imanitè pwovizwa ki pral pèmèt imigran ki soti Ayiti, Nikaragwa, Kiba ak Venezyela antre legalman nan peyi Etazini. Pou migran peyi sa yo antre Ozetazini fòk yo genyen yon esponsò oswa yon sipòtè k ap viv nan peyi Etazini, sa ki pa posib pou tout moun.
Sepandan, yon migran ki pa gen esponsò, oswa yon moun ki pa gen fammi, zanmi elatriye… ki pou esponsorize yo oswa ba yo sipò, yo gen posiblite pou yo jwenn esponsò chak 15 nan chak mwa yo, depi pwogram sila toujou rete sou pye. Ki jan migran sa yo ap kapab fè sa ?
Pou Migran sa yo jwenn yon sipòtè pou aplikasyon Pwogram Imanitè Biden nan, Premye bagay l ap gen pou li fè, se ale sou sit sa a www.welcome.us epi lè l rive l ap swiv etap sa yo:
Nan meni ki dewoule sou bò dwat la (3 ba) li prale nan « Find Ressources » epi li prale nan » For Qualifieds newcomers » For Haitian… » Y ap louvri yon nouvo paj epi migran oswa moun k ap chèche esponsò a ap desann epi klike sou » register on welcome connect ».
Aprè sa, yon lòt paj ki gen tit « Find a sponsor » ap louvri, aprèsa aplikan ap klike sou espas la pou l chwazi pwogram nan « program you applying »
epi l ap chwazi « haitians ».
Si aplikan wè yo di l li poko disponib, se paske paj ki pral resevwa enfòmasyon ki nesesè sou pwograme nan poko louvri nan lè yo endike a (11 a.m. lè lès).
Sa aplikan ap bezwen kòm enfòmasyon pou l soumèt demann li an se ;
– Siyati -prenon -adrès -imel aktif -nimewo telefòn -peyi ak vil -kòd postal -Nimewo paspò a.
Depi Aplikan fin soumèt tout enfòmasyon sa yo l ap voye yo ale.
Li enpòtan pou nou souliye, « welcome us » se yon òganizasyon san bi likratif ki sèvi kòm volontè pou ede imigran yo rive Ozetazini sitou sa ki paka jwenn sipò yo.
N ap raple, pou yon migran benefisye pwogram Biden nan, l ap bezwen gen yon patwone oswa yon moun kap ba li esponsò ( Paran, yon gwoup san bi likratif, Legliz) Ozetazini ki dakò pou ba li sipò finansyè pandan dezan l ap rete nan peyi Tonton Sam nan.
Facebook Comments