Direksyon ewòp pou Stevenson Jeudi

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
direksyon ewòp pou stevenson jeudi

Anviwon yon lane aprè l ta pral briye sou koulè seleksyon nasyonal la nan dènye eliminatwa Concacaf U-20 yo, Stevenson Jeudi sou wout pou depoze valiz li nan youn nan chanpyona ewopeyen yo.

Si n kwè Caleb Jephté Pierre, nan yon piblikasyon sou rezo sosyal yo jodi samdi an, jèn atakan ayisyen an ta dwe kite Violette Athlétique Club nan jou k ap vini yo pou al dekouvri foutbòl ewopeyen an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

San twòp presizyon sou pwochen destinasyon jèn atakan ayisyen 19 lane an, yon klèb ewopeyen ta dwe siyen Stevenson Jeudi, malgre enterè divès lòt ekip Nò-Ameriken manifeste pou ta kapab genyen l nan efektif yo.

Stevenson Jeudi ki avèk ekip Violette la nan Lig dè Chanpyon Concacaf la, kapab jwe sou koulè ble e blan yo dènye konpetisyon l ak klèb ayisyen an avan pou l rann li an ewòp nan yon klèb n ap gen pou konnen nan pa twò lontan.

Jèn atakan Violette lan, nan kad transfè sa, kapab menm rate match retou Lig dè Chanpyon Concacaf la kont klèb ameriken an, FC Austin, ki pwograme pou 14 mas k ap vini la aprè yon viktwa (3-0) ble e blan yo nan match ale an.

Stevenson Jeudi pami jwè ayisyen ki te briye nan dènye eliminatwa Concacaf U-20 2022 yo kote Ayiti te elimine nan kadefinal fas Jamayik (1-2) malgre 5 gòl Stevenson Jeudi ta pral enskri yo pandan konpetisyon an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.