Emiliano Martinez vann byen chè gan li te jwe final Koupdimond lan

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
emiliano martinez vann byen chè gan li te jwe final koupdimond lan

Nan okazyon yon vant ozanchè ki òganize vandredi ki sot pase an, Emiliano Martinez ki te kontribiye nan ofri Ajantin twazyèm tit Koupdimond li, vann pou 42 mil ewo gan li te pote nan final fas Lafrans lan.

Gadyen ajanten an ki te pami eleman kle twazyèm tit Chanpyon dimond Albiceleste yo, prensipalman nan final la yo ta pral genyen nan seyans chout pennalite, vann gan li te pote nan okazyon sa pou kapab fè yon zèv charite.

Emiliano Martinez ki rekòlte pou pi piti 42 mil ewo aprè vant ozanchè sa, pral bay kòb sa nan kad zèv charite ak yon lopital an Ajantin k ap ede timoun ki gen maladi kansè epi akonpanye yo nan tretman yo.

« Lè Fondasyon ajantin pedyatri te pwopoze m fè don gan mw te jwe Koupdimond lan, mw pa t ezite», pawòl gadyen Aston Villa a ki rapouswiv pou di, « li pi enpòtan pou ede yon timoun olye de genyen gan yo byen ranje nan yon bwat nan kay la.»

Gadyen ajanten an anpil moun ta pral kritike aprè Koupdimond lan, sitou pou jès selebrasyon li yo, fè zèv charite sa kote sèvis tretman kansè lopital Juan Garrahan lan pral kapab ede timoun li gen sou chaj li yo k ap soufri ak maladi sa.

Avèk gan sa , Emiliano Martinez ta pral retire yon gòl pou Ajantin nan fen match lan nèt, fas Randal Kolo Muani epi kenbe yon pennalite pou Kingsley Coman nan seyans chout pennalite Albiceleste yo ta pral ranpòte sou fransè yo.

Facebook Comments

Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.