Cristiano Ronaldo pa nan Manchester United ankò ! 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
cristiano ronaldo pa nan manchester united ankò !

Manchester United anonse li jwenn yon akò ak Cristiano Ronaldo pou yo met yon bout nan kontra ki lye yo a. Apati de moman sa, Cristiano pa jwè  ekip Manchester United la ankò. 

Nouvèl la ofisyèl jodi a, Cristiano Ronaldo ak Manchester United divòse. Dezyèm pasaj ansyen jwè Real la nan vil Manchester pa pase jan l te swete l. Rapò yo te vin anpwazonnen ant 2 pati yo, se sa k fè yo jwenn yon akò pou yo fini ak kontra a.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sa gen kèk jou, Cristiano Ronaldo te fè anpil pale nan laprès. Nan yon entèvyou, li pa t manke kale po do Manchester United, li pase pran dirijan yo, kotch yo, jwè yo tou. Tout moun t ap tann kijan klèb la ta pral reyaji devan afwon sa. 

Cristiano pa t kache jan l te santi l trayi avèk tretman l ap jwenn nan klèb. Li te sible antrenè ekip la, Erik Ten Hag, ki pa tèlman itilize l sezon sa. Pòtigè a pa t kache li pa gen yon kras respè pou absyen antrenè Ajax la. 

Cristiano Ronaldo nan moman sa ap prepare l pou l jwe premye match li ak ekip Pòtigal la nan Mondyal 2022 a. Seleçao a ap kwaze bab pou bab ak Gana jedi 24 Novanm nan pou premye match li nan konpetisyon an. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.