Deba jeneral yo kòmanse jodi a nan Nasyonzini nan okazyon 77èm sesyon an  

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Foto : UN

Anviwon 150 chèf Leta ak gouvènman nan mond lan gen pou chita pale ane sa, yon lòt fwa ankò, sou plizyè pwoblèm k ap sakaje planèt la pami yo gè nan peyi Ikrèn nan, kriz klimatik la, ensekirite alimantè a ak plizyè maladi. 

Si daprè tradisyon an se prezidan ameriken ki dwe pwononse diskou pou louvri premye jounen an paske se peyi li ki syèj Nasyonzini an, sa pa rive fèt ane a akòz Joe Biden t ale nan fineray rèn Elisabeth II a. Lokatè Mezon Blanch lan oblije voye diskou l la pou yon lòt lè. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pa bò kote pa l, Sekretè jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres prezan nan kad ouvèti gwo mès diplomatik sa pou 77èm sesyon an. Daprè pòtpawòl li, Stephane Dujarric, fè konnen diplomat la ap gen pou sèlman pwononse diskou l nan okazyon sila. 

N ap raple 77èm sesyon Asanble jeneral Nasyonzini an louvri depi 13 septanm pase. Premye jou deba jeneral yo kòmanse jodi madi 20 septanm nan, priyorite yo se : 

asire peyi yo respekte chat Nasyonzini an ak Eta de dwa ; fè fas ak konsekans gè ant Ikrèn ak Larisi a genyen sou rès mond lan ; bay aksè ak edikasyon an plis favè ; ranfòse sekirite sanitè mondyal la ;ngoumen kont chanjman klimatik la, polisyon an ak byodivèsite a ki prale ; epi mete kanpe yon estrateji nimerik mondyal.  

Konsèy la pale tou sou nesesite ki genyen pou modènize ak refòme Nasyonzini pou l ka fè fas ak defi mondyal yo pi byen ak sezi posiblite pi douvan ap ofri yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.