Delidoc: plizyè moun ki gen fich randevou nan men yo bloke

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
delidoc plizyè moun ki gen fich randevou nan men yo bloke

Jan Gouvènman te deja anonse sa wikenn ki sot pase a, ayè lendi 10 avril 2023 a, nouvo mezi konsènan demann pou dokiman idantite a te komanse aplike. Sepandan, premye jounen sa pa t reyisi nèt. Plizyè sitwayen ak fich randevou nan men yo pa t kapab jwenn aksè nan Sant yo, mete sou sa plizyè moun te eseye opoze ak mezi sila, ki vize diminye foul moun nan sant aplikasyon dokiman idantite yo.

Vrèman vre, plizyè raketè melanje ak kèk responsab ajans vwayaj te opoze kategorikman ak nouvo apwòch gouvènman an, mete sou pye a. Pou endividi sa yo, pa gen kesyon pou pran randevou atravè platfòm DELIDOC la. Se sak fè, anpil moun ki te ak fòm randevou yo nan men yo, te gen gwo difikilte pou antre nan biwo Sèvis Imigrasyon yo pou swiv aplikasyon yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè sa kèk sitwayen rapòte, nan SONAPI, plizyè endividi te eseye, depi byen bonè nan jounen an, bòykote nouvo pwosesis otorite gouvènman yo mete sou pye a.

« Pwoblèm nan se pa sit la, men se lè w rive nan imigrasyon », te fè konnen yon sitwayen, tout pandan li kontinye pou l di  » sèl bemòl mwen ka mete, m pa konn pou lòt kote men SONAPI dechèpiye moun, mete moun kanpe, gen yon kote yo mete yon pati moun kanpe epi baryè fèmen, moun anndan ki anvi soti se anba mizè, epi ou jwenn moun ki diw bay 5000 goud pou antre ».

Yon lòt bò, nan ri Lamarre ak nan Pak Sainte Thérèse, te gen ti tansyon ki pa t twò egzajere. Kèk raketè ak responsab ajans vwayaj yo te mete gwo barikad kawotchou nan lide pou yo di non ak nouvo mezi sila a.

« Raketè yo ap toujou anfas DELIDOC, se pou gouvènman an mete plis enfrastrikti an plas pou pwoteje DELIDOC si non raketè deyò ak sa ki andann yo ap kraze li », te di yon sitwayen, tout pandan li di « menm anplwaye anndan pa kontan Delidoc la, paske yo nan manje lajan mal tou ».

Pou sitwayen sa yo, avan DELIDOC, pou jwenn yon paspò, raketè oswa ajans yo konn pran plis pase 80 000 goud, malgre sa, li konn pran plizyè semèn. Se sak fè, plizyè sitwayen felisite gouvènman an pou nouvo inisyativ sa a ki pèmèt yo rale yon souf.

N ap raple, gouvènman an te lanse vandredi ki sot pase a, platfòm DELIDOC ki pral pèmèt sitwayen yo soumèt aplikasyon paspò yo ak kat idantite yo sou entènèt. Li pwopoze pou reponn ak pwoblèm eta sivil la, dapre otorite gouvènman yo. DELIDOC reyini DGI, ONI ak Direksyon Imigrasyon.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.