Nasyonzini mande lòt peyi yo pou sispann depòtasyon Ayisyen yo

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
nasyonzini mande lòt peyi yo pou sispann depòtasyon ayisyen yo

Yon komite Nasyonzini, jodi vandredi 28 avril 2023 a, mande tout peyi ki nan rejyon an pou yo sispann retounen Ayisyen yo lakay yo pa fòs. Li fè remake genyen 36 mil ki deja ekspilse an Ayiti ant janvye ak mas 2023, nan moman vyolans ap ravaje la.

Nan yon deklarasyon, komite a, ki gen ladan l 18 ekspè endepandan, mande Eta yo nan rejyon an « sispann voye Aysisyen yo lakay yo pa fòs epi adopte mezi pou pwoteje sila k ap deplase yo ».

Nan yon deklarasyon ki soti nan kad pwosedi sila ki vize alète sou sitiyasyon ijans yo, Komite pou Eliminasyon Diskriminasyon Rasyal (CERD) eksprime gwo enkyetid li sou « ekpilsyon kolektif Ayisyen sa yo ki fèt san yon evalyasyon apwopriye pou bezwen pwoteksyon yo ».

Chif ki soti nan ajans migrasyon Nasyonzini an (IOM) montre prèske 22 mil Ayisyen rapatriye lakay yo soti janvye jiska novanm 2022, ladan l genyen prèske 15 mil ki sòti Etazini, daprè presizyon komite a.

Anviwon 36 mil moun ki gen orijin ayisyen ekspilse nan peyi yo Ayiti pandan twa premye mwa ane sa, pami yo anviwon 90% sòti an Repiblik Dominikèn, daprè komite a, ki site chif OIM yo.

Deklarasyon an fè remake tou « plizyè peyi Karayib yo, tankou Baamas ak zile Turks and Caicos, te anonse represyon kont imigran ayisyen ki pa gen papye yo, » alòske Lèzetazini te prezante nan mwa janvye a yon plan pou pèmèt depòtasyon akselere migran ayisyen ak lòt nasyonalite yo nan peyi Meksik.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.