Yon nouvo rekò pou Lionel Messi nan zafè klèb

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon nouvo rekò pou lionel messi nan zafè klèb

Fas Stade Brestois nan okazyon 27èm jounen Ligue 1 an, Lionel Messi reyalize 300èm pas desizif li nan zafè klèb nan viktwa (2-1) Paris Saint-Germain jodi samdi an.

Atakan ajanten an ki ta pral ofri Kylian Mbappé okazyon dezyèm gòl parizyen yo nan tan adisyonèl, delivre 13èm pas desizif li pou sezon sa nan Ligue 1 an ki ba li yon total 300 sou karyè li nan klèb.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lionel Messi ki pami jwè ki pi efikas nan kesyon ofri patnè l yo okazyon pou fè gòl, kontinye ap make istwa foutbòl la kote l vini jodia youn nan ra foutbolè ki reyalize 300 pas nan karyè yo.

Chanpyon dimond ajanten an pèmèt Paris Saint-Germain genyen an deplasman Stade Brestois (2-1) sou yo ofrann pou Kylian Mbappé ki enskri 19èm gòl li nan Ligue 1 an sezon sa.

Pulga a ki gen 13 pas desizif nan Ligue 1 an sezon sa, kapab depase nan pa twò lontan konpatriyòt li, Angel Dimaria, ki gen rekò sa avèk 14 li te reyalize yo pandan sezon 2019/2020 an.

Yon rekò 300 pas desizif ki rive tabli aprè 875 match nan klèb, Lionel Messi jwe sou koulè FC Barcelone ak Paris Saint-Germain kote l ap evolye depi lane 2021 aprè depa li nan klèb katalan an.

N ap raple, sou koulè Albiceleste yo, entènasyonal ajanten an ki genyen rekò meyè bitè istwa seleksyon nasyonal Ajantin lan avèk 98 gòl, genyen egalman 53 pas desizif pou 172 match.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.