Distribisyon gaz yo ap rapouswiv nan Tèminal Varreux 

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
distribisyon gaz yo ap rapouswiv nan tèminal varreux 

Depi repriz aktivite yo nan Tèminal Varreux, distribisyon yo kontinye ap fèt san kanpe. Pou jounen vandredi 11 novanm 2022 an, 124 kamyon gazolin ak dyezèl rive kite espas la. 

Nan piblikasyon ki fèt regilyèman sou rezon sosyal yo, Tèminal Varreux anonse gen 124 kamyon ranpli dyezèl ak gazolin ki rive kite sant estokaj Wineco a pou jounen vandredi 11 novanm 2022 an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Varreux, 124 kamyon sa yo ki chaje Wineco yo transpòte 553 600 galon dyezèl ak 430 150 galon gazolin. Pou jounen vandredi, kewozèn pa rive kite Tèminal la. 

Nan yon kominike Ministè komès ak endistri te pibliye pandan semèn lan, konpayi petwolye yo te gen pou alimante tout ponp esans yo pandan twa jou, avan pou redemare ak distribisyon yo jounen samdi 12 novanm lan. 

N ap raple, gouvènman ayisyen an te deside ogmante pri pwodui petwolye yo ki pou kounya fikse a 570 goud galon gazolin, 670 dyezèl e 665 goud Kewozèn. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.