Doktè Geneviève Arty toujou nan men kidnapè yo

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
doktè geneviève arty toujou nan men kidnapè yo

Sitiyasyon sekirite peyi a ap vin pi dejenere chak jou k ap pase, kote bandi ak zam ap fè lagè epi lakoz plizyè milye sitwayen Ayisyen kouri kite kay yo. Mete sou sa, pèsonèl lasante yo pa epanye, pou sèlman mwa fevriye ki sot pase a, bandi ak zam te kidnape plizyè pèsonèl lasante, ladan yo Doktè Geneviève Arty, ki toujou nan men kidnapè yo depi 2 fevriye 2023 a.  

Se tout bon bandi ak zam te kidnape nan dat 2 fevriye  2023 a Doktè Geneviève Arty  sou wout frè a, nan komin Petyonvil. Sepandan, yon mwa ak kèk jou gentan pase pèsonèl lasante a toujou nan men ravisè yo, san yo pa bay fanmi li okenn nouvèl. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se sak fè Fanmi viktim nan ki nan kè sere nan moman an, mande kidnapè yo pou yo  lage doktè Geneviève Arty, ki te chwazi rete nan peyi l, nan lide pou li te bay swen ak moun ki pi fèb yo. 

N ap raple, Fondasyon Saint-Luc ak Òganizasyon « Petits Freres et Soeurs » nan yon kominike pou laprès te mande liberasyon pedyat Geneviève Arty, ki nan men kidnapè yo depi plis pase yon mwa, ki pa janm lage. 

Nan nòt sa a, òganizasyon yo raple doktè a ap travay pou byennèt timoun depi plis pase 30 lane epi li te pami moun ki deside rete nan peyi a, malgre kriz grav Ayiti ap travèse a. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.