Egzamen pa lwen rive, elèv lise yo toujou ap manifeste pou pwofèsè yo pa jwenn

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
egzamen pa lwen rive, elèv lise yo toujou ap manifeste pou pwofèsè yo pa jwenn

Nan yon mwa ankò, ane akademik 2022-2023 a ap bout, sa k ap pèmèt nan foul la, etidyan ki nan kèk klas tankou 9yèm ane fondamantal ak BAC inik yo pral sibi eprèv ofisyèl yo nan divès sant egzamen sou teritwa a.

N ap raple, egzamen ofisyèl yo pou ane akademik 2022-2023 a pati konsa daprè Ministè edikasyon nasyonal :
Bakaloreya pèmanan : 13 a 16 fevriye 2023 (acheve)
9yèm AF : 17 a 19 jiyè 2023
ENI : 17 a 22 Jiyè 2023
CEF : 17 a 21 jiyè 2023
Egzamen fransè pou S3 : 4 out 2023
Fen etid segondè : 31 jiyè a 3 out 2023
FTP : 6 out a 1 septanm 2023

- Advertisement -
Ad imageAd image

Si elèv lekòl yo swaf boukle ane a ak yon bèl mwayèn, divès kriz k ap sakaje peyi a mete yo prèske nan enposiblite pou yo aprann kè pòpòz pou jou-J a, mete sou sa, sektè edikasyon an ap bwete akoz pwofesè ki pa genyen nan kèk lekòl piblik pou dispanse kou kòmsadwa.

Wi, nan plizyè lise ak lekòl nasyonal nan Sidès peyi a tankou Jakmèl, epitou nan Nò (Senmak, Okap, elatriye), pami kèk lòt zòn, élèv ap plede pran lari pou reklame prezans pwofesè nan sal klas yo.

Fèy bwa, kaye ak plim nan men ak inifòm sou yo, plizyè liseyen ki jwenn sipò konpayon kolèj yo, foule beton an nan plizyè depatman sou teritwa a pou mande Leta ayisyen, atravè Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP), pou l fè kou l konnen pou mete pwofesè nan sal klas yo pou dispanse kou.

Malerezman, pratik sila pa la depi jounen jodia. Depi 2013, elèv yo te konn ap plenyen pou sa. E jiskaprezan, revandikasyon yo pa janm pran an konsiderasyon : elèv lise yo toujou nan lari ap manifeste pou pwofesè.

N ap raple, MENFP te entèdi, sa gen yon semèn, kou ratrapaj anndan lekòl piblik yo akoz pwofesè yo pa vin dispanse kou epi y ap pran kòb nan men elèv pou kou patikilye. Yon pratik minis Nesmy Manigat kondane ak tout fòs li epi mande konsène yo pou retounen nan sal klas yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.